Jonas 2
- 1 Antan li te nan vant pwason an, Jonas lapriyè Seyè a, Bondye li a, li di:
- 2 Nan mizè mwen te ye a, Seyè, mwen te rele nan pye ou, ou te reponn mwen. Byen fon nan peyi kote mò yo ye a, mwen te mande ou sekou, ou te tande vwa mwen.
- 3 Ou te voye m' jete byen fon, nan fon lanmè. Dlo te sènen m' toupatou. Tout kouran dlo ak tout lanm lanmè yo te pase sou mwen.
- 4 Mwen t'ap di nan kè m': Gen lè ou voye m' jete byen lwen ou. Mwen p'ap janm wè kay ki apa pou ou a ankò!
- 5 Dlo yo kouvri m', yo te prèt pou neye m'. Lanmè a te fin vale m', zèb lanmè te mare nan tout tèt mwen.
- 6 Mwen desann, mwen desann, mwen rive jouk nan rasin mòn yo, nan peyi kote sa ki antre pa soti. Men, Seyè, Bondye mwen, ou rale m' soti nan twou a. Ou ban m' lavi ankò.
- 7 Lè m' santi mwen taprale vre, mwen vin chonje ou, Seyè! Mwen lapriyè nan pye ou. Kote ou chita nan tanp ki apa ou a, ou tande m'.
- 8 Moun k'ap sèvi zidòl ki pa vo anyen yo, se moun ki vire do bay Bondye ki bay favè a.
- 9 Men, m'ap chante pou m' fè lwanj ou, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou. M'a kenbe angajman mwen te pran an. Se Seyè a ki delivrans nou.
- 10 Lè sa a, Seyè a bay pwason an lòd pou li vonmi Jonas sou rivaj lanmè a.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian