Jòb 8
- 1 Lè sa a, Bildad, moun peyi Chwa a, pran lapawòl, li di konsa:
- 2 -Kilè w'a sispann pale jan w'ap pale a? Se bri ase w'ap fè tankou kalbas gran bouch!
- 3 Bondye pa nan lenjistis. Bondye ki gen tout pouvwa a ap toujou fè sa ki dwat.
- 4 Si pitit ou yo te dezobeyi lòd li yo, li fè yo peye sa yo fè a.
- 5 Ou menm menm, rele Bondye. Lapriyè nan pye Bondye ki gen tout pouvwa a.
- 6 Si li pa gen anyen pou l' repwoche ou, si ou toujou mache dwat devan li, lè sa a, ou mèt sèten, l'a fè kichòy pou ou, l'ap renmèt ou tou sa ou te genyen.
- 7 Tou sa ou te gen anvan an p'ap anyen devan sa Bondye pral ba ou a.
- 8 Chache konnen sa ki te pase nan tan lontan. Gade sa ki te rive zansèt nou yo.
- 9 Nou menm, nou se moun ayè. Nou pa konn anyen. Se pase n'ap pase sou tè a.
- 10 Men, granmoun tan lontan yo va moutre ou anpil bagay. Y'a pale avè ou. Tande sa y'ap di ou.
- 11 Se nan marekay ou jwenn jon. Wozo pa pouse kote ki pa gen dlo.
- 12 Nan tan chechrès, li te mèt tou piti, tou vèt, lè lesèk tonbe, anvan menm yo koupe l', premye zèb ki fennen se li menm.
- 13 Se menm bagay la tou pou moun ki bliye si gen Bondye. Moun ki vire do bay Bondye p'ap jwenn sa y'ap tann lan.
- 14 Konfyans yo pa chita sou anyen. Se tankou si y'ap apiye sou bwa pouri.
- 15 Si yo panche sou li, li ale. Si yo kenbe l' fò, y'ap blayi atè ansanm avè l'.
- 16 Mechan yo pouse tankou move zèb nan solèy. Yo pran tout jaden an pou yo.
- 17 Rasin yo mache nan mitan tout fant wòch yo. Se la yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv.
- 18 Rache ou rache yo pa gen moun ki pou konnen kote yo te ye a.
- 19 Talè konsa, l'ap pouri bò chemen an. Se lòt k'ap pouse nan plas li.
- 20 Non, monchè! Bondye pa janm lage moun ki kenbe pye l' fèm. Ni li pa janm lonje men l' pou l' soutni mechan yo.
- 21 L'a fè kè ou kontan ankò, bouch ou pral chante bèl chante pou li.
- 22 Men, l'ap fè moun ki pa vle wè ou yo wont. Fanmi mechan yo va disparèt.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian