Jòb 7
- 1 Lavi yon nonm sou latè, se tankou sèvis militè l'ap fè. Li tankou moun k'ap vann jounen!
- 2 Li tankou yon esklav k'ap tann lannwit pou l' poze, tankou yon travayè k'ap tann kòb jounen travay li.
- 3 Depi kèk mwa, m' pa wè poukisa m'ap viv. Tout lannwit se soufri m'ap soufri.
- 4 M' poko kouche nan kabann mwen, m'ap mande kilè pou l' jou. Nwit la long. M' pa ka dòmi, yon bann vye lide ap pase nan tèt mwen jouk solèy leve.
- 5 Tout kò m' plen vè ak gwo plak bouton toupatou. Po m' fann fann, l'ap bay postim.
- 6 Jou m' yo pase pi vit pase zegwi nan men moun k'ap maye senn. Yo disparèt, pa gen anyen m'ap tann ankò.
- 7 Bondye o! Pa bliye, lavi m' tankou yon nwaj k'ap pase. Lè m'a fèmen je m', mwen p'ap janm kapab jwi lavi a ankò.
- 8 Ou wè m' koulye a, men ou p'ap janm wè m' ankò. W'a chache m', ou p'ap jwenn mwen.
- 9 Tankou yon nwaj ki ale nèt, ki disparèt, lè yon moun mouri, pa gen leve pou li ankò.
- 10 Li p'ap janm tounen lakay li. Moun lakay li tou bliye l'.
- 11 Se poutèt sa, m' pa ka pa pale. Kè m' sere. Kite m' pale pale m'. Lapenn kaye nan kè m'. Kite m' plenyen plenyen m'.
- 12 Poukisa ou mete moun veye m' konsa? M' pa lanmè. M' pa gwo bèt lanmè.
- 13 M' te di nan kè m': M' pral lage kò m' yon kote. M'a pran yon ti kanpo. Si m' dòmi, m'a jwenn yon ti soulajman!
- 14 Men, ou fè m' fè yon bann vye rèv k'ap fè m' pè. M'ap fè yon bann vye vizyon k'ap fè m' tranble.
- 15 Lè konsa, pito moun te trangle m'. Pito m' te mouri pase pou m' soufri tout doulè sa yo.
- 16 Se fini m'ap fini. Fòk mwen mouri yon jou! Kite m' pou kont mwen. Lavi m' prèt pou bout!
- 17 Kisa lèzòm ye pou ou pran ka yo konsa? Kisa yo ye menm pou w'ap okipe yo konsa?
- 18 Chak maten ou pase wè jan yo ye. Chak lè, w'ap gade nan fon kè yo, w'ap sonde yo.
- 19 Kilè w'a sispann gade m'? Ban m' yon ti souf non kont pou m' vale krache m'!
- 20 Si m' fè peche, kisa m' fè ou? Di m' non, ou menm k'ap veye tou sa moun ap fè? Poukisa w'ap plante tout flèch ou yo nan kò m' konsa? Poukisa ou fè m' tounen yon chay pou ou?
- 21 Se sipòte ou pa ka sipòte ankò sa mwen fè ki mal? Se padonnen ou pa ka padonnen peche m' yo? Talè konsa mwen pral anba tè. W'a chache m', ou p'ap jwenn mwen ankò.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian