Jòb 3
- 1 Bout pou bout, Jòb louvri bouch li, li pran madichonnen jou l' te fèt la.
- 2 Li di konsa:
- 3 -Se pou Bondye efase jou m' te fèt la. Se pou l' efase jou lannwit m' te konmanse devlope nan vant manman m' lan.
- 4 Fè jou sa a tounen fènwa, Bondye! Kote ou chita anwo a, pa janm chonje jou sa a ankò. Pa janm kite limyè solèy klere l'.
- 5 Se pou fènwa anvayi jou sa a. Se pou nwaj kouvri l' nèt. Se pou lonbraj lanmò bouche l' nèt.
- 6 Jou lannwit sa a, se pou fènwa pran l' pou li nèt. Se pou l' disparèt nèt nan lanne a pou yo pa janm konte l' nan almanak ankò.
- 7 Se pou jou lannwit sa a fè cheve nan tèt moun kanpe, pou yo pa tande pèsonn ap ri!
- 8 Se pou chòche yo bay jou lannwit sa a madichon, yo menm ki konn ki jan pou yo eksite levyatan an!
- 9 Pa kite gwo zetwal devanjou a klere jou sa a. Pa janm fè bajou kase pou li, pou l' pa janm wè solèy leve.
- 10 Paske li pa t' enpoze m' soti nan vant manman m', li pa t' egzante m' tout soufrans sa yo.
- 11 Poukisa mwen pa t' mouri depi nan vant manman m'? Poukisa mwen pa t' tou mouri nan pasaj kite sa?
- 12 Poukisa mwen te jwenn yon manman ki pran m' sou jenou li epi ki ban m' tete?
- 13 Si m' te mouri, atò konsa mwen pa ta nan tout lapenn sa a. Mwen ta kouche yon kote ap dòmi ak kè poze,
- 14 ansanm ak wa yo ak gwo chèf yo, ki fè bati gwo tonm pou yo nan mitan dezè.
- 15 Mwen ta kouche ap dòmi ansanm ak chèf ki te gen kay yo plen lò ak ajan.
- 16 Ou ankò, mwen ta tankou yon timoun ki fèt anvan tèm, tankou timoun ki fèt tou mouri.
- 17 Kote yo ye anba tè a, mechan yo sispann bay kò yo mouvman. Anba tè a, sa ki bouke travay ap poze kò yo.
- 18 Anba tè a, tout prizonye gen kè poze. Yo p'ap tande vwa majò prizon an nan zòrèy yo.
- 19 Anba tè a, se menm bagay pou grannèg kou malere. Ata esklav pa gen mèt ankò!
- 20 Poukisa, Bondye, ou kite moun ki nan mizè ap viv? Poukisa ou bay moun ki nan gwo lapenn lavi?
- 21 Y'ap tann lanmò konsa. Men, lanmò pa vini! Yo ta pito lanmò pase nenpòt gwo richès!
- 22 Yo pa gen kè kontan toutotan yo pa mouri, toutotan yo pa ale anba tè.
- 23 Yo pa konn sa pou yo fè. Bondye sènen yo kote yo pase.
- 24 Mwen pa ka manje. Se plenn m'ap plenn. M'ap soufri, dlo nan je m' tankou larivyè k'ap koule.
- 25 Sa m' pè rive m' lan, se li k'ap rive m'. Sa m' pa ta vle wè a, se li ki tonbe sou mwen.
- 26 Kè m' pa poze. Tèt mwen pa la. Mwen pa ka dòmi. Se soti nan ka tonbe nan ka.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian