Jòb 2
- 1 Yon jou tout zanj Bondye yo te reyini devan Seyè a, Satan vini tou nan mitan yo.
- 2 Seyè a mande l': -Kote ou soti? Satan reponn: -Mwen sot moute desann toupatou sou latè, mwen t'ap pwonmennen gade.
- 3 Seyè a di Satan konsa: -Eske ou te wè Jòb, sèvitè m' lan? Pa gen tankou l' sou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen. Se koulye a li kenbe m'. Ou wè se pou gremesi ou t'ap pouse m' pou m' te fini avè l'.
- 4 Satan reponn li: -Lavi miyò pase byen! Yon moun va bay tou sa li genyen pou l' pa mouri.
- 5 Men, si ou manyen kò pa l' menm, ou mèt sèten fwa sa a, l'ap di sa li pa t' dwe di sou ou nan figi ou.
- 6 Seyè a di Satan konsa: -Ou mèt fè sa ou vle avè l'. Men, pa touye l' pou mwen.
- 7 Lamenm, Satan vire do l', li ale. Li fè gwo bouton pete sou tout kò Jòb, depi anba pla pye l' jouk nan po tèt li.
- 8 Lè sa a, Jòb soti, li al chita nan pil sann kote yo boule fatra. Li pran yon moso krich kraze pou grate kò l'.
- 9 Madanm li di l' konsa: -Ou nan kenbe pye Bondye fèm toujou? Joure l' byen joure, epi mouri mouri ou kont fini!
- 10 Jòb di li: -Pe bouch ou la, madanm! W'ap pale tankou moun fou! Lè Bondye ban nou benediksyon, nou kontan. Atò poukisa pou nou plenyen lè li voye malè sou nou? Malgre tou sa ki te rive l', Jòb pa t' kite ankenn move pawòl soti nan bouch li pou li fè peche kont Bondye.
- 11 Twa nan zanmi Jòb yo vin konnen tout malè ki te tonbe sou li. Yo kite peyi yo, yo vin wè Job. Se te Elifaz, moun Teman, Bildad, moun Chwak, epi Sofa, moun Naama. Yo fè lide vin ansanm pou plenn sò li epi pou ba li kouraj.
- 12 Yo te yon bèl ti distans toujou lè yo wè Jòb. Yo pa t' rekonèt li. Lè yo rekonèt li, dlo vin nan je yo, yo konmanse rele, yo kriye. Yo chire rad sou yo, yo voye pousyè tè sou tèt yo tèlman sa te fè yo lapenn.
- 13 Apre sa, yo chita atè a bò kot Jòb pandan sèt jou sèt nwit san di yon mo, paske yo te wè jan l'ap soufri.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian