Jòb 27
- 1 Jòb pran lapawòl ankò pou l' bay rès repons li a. Li di konsa:
- 2 -Mwen fè sèman, mwen pran Bondye vivan an pou temwen, Bondye ki gen tout pouvwa a, li menm ki refize rann mwen jistis la, li menm ki ban m' degoutans ak lavi a,
- 3 toutotan mwen poko mouri, toutotan Bondye ban m' yon ti souf toujou,
- 4 mwen p'ap janm kite ankenn move pawòl soti nan bouch mwen, ni m' p'ap janm bay ankenn manti.
- 5 Pa janm konprann m'ap ban nou rezon! M'ap kenbe ak nou mwen inonsan jouk mwen rann dènye souf mwen.
- 6 Mwen soti pou m' defann kòz mwen. Mwen p'ap fè bak. Konsyans mwen pa repwoche m' anyen. M' pa gen anyen ki pou fè m' wont.
- 7 Se pou tout moun ki pa vle wè m' yo sibi menm sò ak mechan yo. Se pou lènmi m' yo gen menm sò ak moun ki pa mache dwat yo.
- 8 Ki espwa ki gen pou mechan an lè Bondye rele l', lè li pral pran nanm li?
- 9 Lè malè ap tonbe sou mechan an, èske Bondye ap tande rèl li yo?
- 10 Li pa t' janm pran plezi l' nan fè volonte Bondye. Li pa t' lapriyè Bondye tout tan.
- 11 Kite m' moutre nou jan Bondye konnen sa l'ap fè. Mwen p'ap kache di nou sa ki nan tèt Bondye ki gen tout pouvwa a.
- 12 Sa m'ap di la a? Nou wè tou sa ak je nou byen pwòp tou. Poukisa atò tout pale anpil sa a ki pa vle di anyen?
- 13 Lè sa a, Sofa, moun lavil Naama a, pran lapawòl. Epi li di: -Men kisa Bondye pare pou mechan yo. Men sa li sere pou chèf k'ap peze pèp la.
- 14 Yo te mèt gen anpil pitit gason, yo tout ap mouri nan lagè. Pitit yo p'ap janm gen kont manje pou yo manje.
- 15 Sa ki chape nan lagè, move maladi ap pote yo ale. Ata vèv yo p'ap ka rele pou yo jou lanmò yo.
- 16 Mechan an te mèt anpile lajan kou l' pa konnen, li te mèt gen rad depase sa l' bezwen,
- 17 se moun dwat yo ki va mete rad yo, se pou moun inonsan yo lajan an va rete.
- 18 Kay li bati tankou twal anasi, tankou yon ti kay jaden.
- 19 Nan aswè, li moute kabann li rich. Lè li leve, li pa jwenn anyen.
- 20 Malè tonbe sou li tankou lavalas k'ap desann. Yon sèl nwit lan, yon gwo van pote l' ale.
- 21 Yon van lès leve, li pote l' ale. Li rache l' nan kay kote l' ye a.
- 22 Van an ap vante sou li san pitye. Li menm l'ap fè sa li kapab pou l' chape anba l'.
- 23 Moun kontan wè jan li fini. Kote l' pase, y'ap rele chalbari dèyè l'.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian