Jòb 26
- 1 Jòb pran lapawòl ankò, li di l' konsa:
- 2 -Ou gen tan konn konsole moun ki nan lafliksyon! Ou gen tan konn lonje men bay moun ki san fòs!
- 3 Ala bon konsèy ou bay moun ki san konprann lan! Ou gen tan gen anpil konesans nan ou!
- 4 Men, pou ki moun tout bèl diskou sa yo? Ki moun ki mete pawòl sa yo nan bouch ou?
- 5 Bildad pran lapawòl ankò li di: -Nanm moun mouri k'ap viv nan fon lanmè a ap tranble anba tè a.
- 6 Peyi kote mò yo ye a louvri aklè devan je Bondye. Pa gen anyen ki pou anpeche Bondye wè sa k'ap pase ladan l'.
- 7 Se li menm ki louvri syèl ki sou bò nò a anlè, san anyen pou soutni l'. Li pandye tè a ankò san anyen pou kenbe l'.
- 8 Se li menm ki plen nwaj yo dlo. Se li menm ki pa kite pèz dlo a pete nwaj yo.
- 9 Se li menm ki kache lalin plenn lan dèyè yon nwaj.
- 10 Se li menm ki trase yon wonn sou lanmè a, li separe limyè ak fènwa.
- 11 Lè li bay poto ki soutni syèl la yon prigad, yo sezi, yo pran tranble sitèlman yo pè.
- 12 Avèk fòs ponyèt li, li fè lanmè a vin dou devan li. Avèk ladrès li, li kraze Raab, gwo bèt lèd la.
- 13 Avèk souf li, li fè syèl la vin klè. Avèk men li, li touye gwo koulèv ki t'ap kouri chape a.
- 14 Sa se yon ti kal nan tou sa li fè. Se sa ase ki resi rive nan zòrèy nou! Men, ki moun ki ka konnen tou sa Bondye fè?
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian