Jenèz 34
- 1 Dena, pitit fi Leya te fè pou Jakòb la, te soti al rann medam peyi a vizit.
- 2 Lè sa a, Sichèm, pitit Amò, moun Evi a, te chèf nan kanton an. Lè li wè Dena, li mete men sou li, li fè kadejak sou li.
- 3 Men Sichèm te tonbe damou pou Dena, pitit fi Jakòb la. Li te pale dous ak tifi a, paske li te renmen l'.
- 4 Sichèm di Amò, papa l': -Al mande pou fi sa a pou mwen.
- 5 Jakòb vin konnen Sichèm te fè kadejak sou Dena, pitit fi li a. Men, paske pitit gason l' yo te nan savann ak bèt yo, li pa di anyen jouk lè yo tounen.
- 6 Amò, papa Sichèm, ale bò kot Jakòb pou fè yon pale sou sa avè l'.
- 7 Lè sa a, pitit gason Jakòb yo t'ap tounen soti nan savann. Lè yo pran nouvèl la, yo te move, yo te fache anpil, paske Sichèm te fè yon bagay grav: li te avili moun Izrayèl yo lè l' te fè kadejak sou pitit fi Jakòb la. Bagay konsa pa t' dwe fèt.
- 8 Amò di yo konsa: -Pitit gason m' lan, Sichèm, fin fou pou fi nou an. Tanpri, kite li marye avè l'.
- 9 Ann pase kontra yonn ak lòt pou nou zanmi. n'a ban nou nan pitit fi nou yo pou madanm pitit gason nou yo. n'a pran nan pitit fi nou yo pou madanm pitit gason nou yo.
- 10 Konsa n'a rete ansanm ak nou nan peyi a. n'a rete kote nou vle, n'a fè kòmès jan nou vle, n'a achte tè nou vle.
- 11 Apre sa, Sichèm di papa ak frè Dena yo: -Fè m' favè sa a, tanpri. m'a ban nou tout sa nou vle.
- 12 Di m' kisa pou m' fè nou kado. Nou mèt mande m' nenpòt ki gwo pri pou maryaj la. M'ap ban nou tout sa n'a mande m'. Men, se pou nou dakò. Kite m' marye ak fi a.
- 13 Men pitit gason Jakòb yo bay Sichèm ak Amò, papa li, yon repons pou woule yo. Paske Sichèm te avili sè yo a, yo t'ap pare yon move kou pou yo.
- 14 Yo di yo: -Nou pa ka kite sè nou an marye ak yon nonm ki pa sikonsi. Se va yon avilisman pou nou.
- 15 N'ap dakò nan yon sèl kondisyon. Se pou nou vin menm jan ak nou, se pou tout gason nan kanton an sikonsi tankou nou.
- 16 Lè sa a atò, n'a kite sè nou an marye avè ou. Nou menm tout n'a ka marye ak pitit fi ou yo. n'a rete nan peyi a ansanm ansanm, n'a tounen yon sèl pèp.
- 17 Men, si nou pa dakò ak kondisyon sa a, si nou pa vle pou yo sikonsi nou, n'ap pran sè nou an, epi nou pral fè wout nou.
- 18 Amò ak Sichèm, pitit gason l' lan, tonbe dakò ak yo pou kondisyon an.
- 19 Se konsa jenn gason an te prese fè sa yo te mande l' fè a, paske li te renmen pitit fi Jakòb la anpil. tout moun kay papa l' te konsidere l' anpil.
- 20 Amò ak Sichèm, pitit gason l' lan, al nan pòtay lavil la, kote tout moun yo te konn reyini, yo pale ak moun peyi a. Yo di yo:
- 21 -Mesye sa yo, se pa moun ki vin pou kont. Ann kite yo rete nan peyi a. Ann kite yo fè trafik yo. Peyi a gen kont plas pou yo. Ann marye ak pitit fi yo, ann kite yo marye ak pitit fi nou yo.
- 22 Mesye sa yo dakò pou yo rete ansanm ak nou, pou nou fè yon sèl pèp. Men yo pase yon kondisyon: se pou tout gason nan mitan nou sikonsi, menm jan yo menm yo sikonsi a.
- 23 Konsa, tout bèt yo, tout byen yo, tout zannimo yo ap vin pou nou yon lè. Se asepte pou n' asepte kondisyon an pou yo ka rete viv ansanm ak nou.
- 24 tout moun ki te reyini bò pòtay lavil la te tonbe dakò ak sa Amò ak Sichèm, pitit li a, te di yo. Se konsa yo sikonsi tout gason ki te la bò pòtay lavil la.
- 25 Twa jou apre, mesye yo t'ap soufri ak sikonsizyon an toujou lè de nan pitit gason Jakòb yo, Simeyon ak Levi, frè menm manman ak Dena yo, pran nepe yo, yo antre nan lavil la san pesonn pa sispèk anyen, yo touye tout gason yo.
- 26 Yo touye Amò ak Sichèm, pitit gason l' lan, yo pran Dena, yo fè l' kite kay Sichèm lan, y al fè wout yo avè l'.
- 27 Lòt pitit Jakòb yo menm jete kò yo sou kadav yo, yo piye lavil la byen piye, paske moun lavil la te avili sè yo a.
- 28 Apre sa, yo pran tout bèt, tout bèf, tout bourik ak tout sa ki te nan lavil la ak nan jaden yo.
- 29 Yo pran tout richès ak tout sa ki te nan kay mesye yo pote ale, yo fè tout pitit yo ak tout medam yo prizonye.
- 30 Apre sa, Jakòb rele Simeyon ak Levi, li di yo: -Gade nan ki traka nou mete m'. Koulye a, moun ki rete nan peyi a, moun Kanaran yo ak moun Perezi yo, pral rayi m'. Mwen pa gen anpil moun. Si yo mete ansanm sou do mwen pou atake m', y'ap touye m' ansanm ak tout moun lakay mwen.
- 31 Men Simeyon ak Levi reponn: -Atò, se pou nou te kite yo trete sè nou an tankou nenpòt jennès!
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionExplained
Understand this chapter
Dinah goes out to see the women of the land and is seized and raped by the prince of the place, who then wants to marry her. His father comes to negotiate. Her brothers answer with a condition, and when the men of the city have accepted it and are in pain, two of them kill every male and the rest plunder the city.
Read the explanationIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian