Jenèz 16
- 1 Sarayi, madanm Abram, pa t' janm fè pitit. Sarayi te gen yon sèvant, moun peyi Lejip, yo te rele Aga.
- 2 Sarayi di Abram konsa. Gade! Seyè a pa kite mwen fè pitit. Al kouche ak sèvant mwen an non. Ou pa janm konnen, li ka fè pitit pou mwen. Abram tonbe dakò ak sa Sarayi te di l' la.
- 3 Se konsa, Sarayi, madanm Abram, pran sèvant li a, Aga ki te moun peyi Lejip, li bay Abram li pou madanm. Lè sa a, Abram te gen tan gen dizan nan peyi Kanaran.
- 4 Abram kouche ak Aga. Aga vin ansent. Lè Aga wè li ansent, lògèy vire tèt li, li pa gade Sarayi, metrès li, pou anyen ankò.
- 5 Lè sa a, Sarayi di Abram. Se fòt ou wi si m'ap sibi tout wont sa a. Se mwen menm ki te ba ou sèvant mwen an pou madanm. Men, depi li wè li ansent lan, li pa gade m' pou anyen ankò. Se Seyè a ki pou jije m' avè ou.
- 6 Abram reponn Sarayi, li di l'. Sèvant ou pou ou. Li sou zòd ou. Ou gen dwa fè sa ou vle avè l'. Se konsa, Sarayi pran maltrete Aga sitèlman, Aga blije sove kite kay la pou li.
- 7 Zanj Seyè a kontre Aga bò yon sous dlo nan dezè a sou wout ki mennen nan peyi Chour la.
- 8 Li di l' konsa. Aga, sèvant Sarayi, kote ou soti la a? Kote ou prale? Aga reponn. M'ap kouri pou Sarayi, metrès mwen.
- 9 Zanj Seyè a di l'. Tounen lakay metrès ou, soumèt ou devan li.
- 10 Zanj lan di l' ankò. M'ap ba ou anpil anpil pitit pitit. Moun p'ap ka konte yo.
- 11 Zanj lan di l' ankò. Gade! Ou ansent. Ou pral fè yon ti gason. Wa rele l' Izmayèl, paske Seyè a tande rèl ou nan tray w'ap pase a.
- 12 Pitit gason ou lan va tankou yon bourik mawon. L'ap chache tout moun kont. tout moun va chache l' kont. Li p'ap mele ak tout frè l' yo. L'ap viv pou kont li.
- 13 Aga di nan kè l'. Ou kwè se vre se mwen ki wè moun ki wè m' lan? Se konsa li bay Seyè a yon non, li rele l': Ou se Bondye ki wè m' lan.
- 14 Se poutèt sa, yo rele pi dlo ki ant Kadès ak Barèd la: Pi moun vivan ki wè m' lan.
- 15 Aga fè yon pitit gason pou Abram. Abram rele pitit la Izmayèl.
- 16 Abram te gen katrevensizan lè Aga te fè Izmayèl.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionExplained
Understand this chapter
Sarai is childless and gives her Egyptian servant Hagar to Abram. Hagar conceives, the two women fall out, and Hagar runs away. She is found at a spring in the wilderness, told to go back, and given a promise about her son.
Read the explanationIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian