esc
A small enclosed garden of bare worked earth at the last light, closed on one side by a natural face of pale limestone.

Jan 19

Bib La · 42 verses · The inscription, in three languages

  1. 1 Se konsa Pilat bay lòd pran Jezi, bat li byen bat.
  2. 2 Sòlda yo trese yon kouwòn avèk branch pikan, yo mete l' nan tèt Jezi. Yo mete yon gwo rad wouj fonse sou li.
  3. 3 Yo pwoche bò kote l', yo di li: Bonjou, wa jwif yo. Epi yo souflete li.
  4. 4 Pilat soti ankò, li pale ak foul moun yo, li di: Koute. Mwen pral mennen l' isit la deyò pou nou ka konprann mwen pa jwenn okenn rezon pou m' kondannen nonm sa a.
  5. 5 Se konsa, Jezi soti: li te gen kouwòn pikan an nan tèt li ak gwo rad wouj fonse a sou li. Pilat di yo: Men nonm lan!
  6. 6 Lè chèf prèt yo ansanm ak gad yo wè l', yo kòmanse rele: Kloure l' sou yon kwa! Kloure l' sou yon kwa! Pilat di yo: Pran l', kloure l' sou kwa a nou menm. Mwen pa wè rezon pou m' kondannen l', mwen menm.
  7. 7 Jwif yo reponn li: Nou gen yon lwa. Dapre lwa sa a, li gen pou l' mouri paske li fè tèt li pase pou Pitit Bondye.
  8. 8 Lè Pilat tande sa, li vin pi pè toujou.
  9. 9 Li antre nan palè a, li mande Jezi: Ki kote ou soti? Men, Jezi pa reponn li.
  10. 10 Lè sa a, Pilat di li: Ou p'ap pale avè mwen? Ou pa konnen mwen gen pouvwa pou m' lage ou, mwen gen pouvwa pou m' fè yo kloure ou sou yon kwa?
  11. 11 Jezi reponn li: Ou pa ta gen okenn pouvwa sou mwen si se pa t' Bondye nan syèl la ki te ba ou li. Se poutèt sa, moun ki lage m' nan men ou lan, li pi koupab pase ou.
  12. 12 Depi lè sa a, Pilat t'ap chache yon jan pou l' lage Jezi. Men, jwif yo kòmanse rele: Si ou lage nonm sa a, ou pa zanmi Seza! Depi yon moun ap fè tèt li pase pou wa, se lènmi Seza li ye.
  13. 13 Lè Pilat tande koze sa a, li fè yo mennen Jezi deyò, li chita sou gwo chèz nan plas jij la, kote yo rele Lakou Pave a (an lang ebre yo rele l': Gabata).
  14. 14 Se te lavèy fèt Delivrans jwif yo, vè midi konsa. Pilat di jwif yo: Men wa nou an.
  15. 15 Men, yo kòmanse rele: Touye li! Touye li! Kloure l' sou yon kwa! Pilat di yo: Nou vle m' kloure wa nou an sou yon kwa? Chèf pret yo reponn li: Nou pa gen lòt wa pase Seza.
  16. 16 Lè sa a, Pilat renmèt yo Jezi pou y' al kloure l' sou yon kwa. Se konsa, yo pran Jezi, yo mennen l' ale.
  17. 17 Jezi soti deyò lavil la, li t'ap pote kwa li jouk yon kote yo rele: Zo bwa Tèt la (An lang ebre, yo rele l': Gòlgota).
  18. 18 Rive la, sòlda yo kloure l' sou kwa a. Anmenmtan yo kloure de lòt moun sou kwa tou, yonn chak bò, Jezi menm nan mitan yo.
  19. 19 Pilat te bay lòd pou yo te fè yon pankat pou mete sou tèt kwa a. Yo te ekri sou li: Jezi, moun Nazarèt la, wa jwif yo.
  20. 20 Anpil jwif te li sa ki te ekri sou pankat la. Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te toupre lavil la. Pankat la menm te ekri nan twa lang: ebre, laten ak grèk.
  21. 21 Lè sa a, chèf prèt jwif yo di Pilat konsa: Pa ekri: Wa Jwif yo. Men, ekri pito: Nonm sa a di se wa jwif yo li ye.
  22. 22 Pilat reponn yo: Sa m' ekri a, m' ekri l' nèt.
  23. 23 Lè sòlda yo fin kloure Jezi sou kou a, yo pran rad li yo, yo fè kat pil ak yo, yo separe yo bay chak sòlda yo yonn. Yo pran gwo rad san kouti a, rad ki te fèt ak yon sèl pyès depi anwo jouk anba a.
  24. 24 Sòlda yo yonn di lòt: Nou p'ap chire rad sa a non. Ann tire osò pou konnen pou ki moun l'ap ye. Se konsa, pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre: Yo separe rad mwen ant yo: Yo tire osò pou rad mwen an. Se sa menm sòlda yo te fè.
  25. 25 Bò kwa Jezi a te gen manman l' ak sè manman l', Mari, madanm Kleopas la, ansanm avèk Mari, moun lavil Magdala a.
  26. 26 Jezi wè manman l' ansanm ak disip li te renmen an toupre li. Li di manman l' konsa: Madanm, men pitit ou.
  27. 27 Li di disip la: Men manman ou. Depi lè sa a, disip la pran manman Jezi lakay li.
  28. 28 Jezi te konnen lè sa a tout bagay ki pou te fèt te fin fèt. Pou fè sa ki te ekri nan Liv la rive vre, li di: Mwen swaf.
  29. 29 Te gen yon veso plen venèg bò la. Sòlda yo tranpe yon eponj nan venèg la, yo mare l' nan pwent yon branch bwa yo rele izòp, yo pwoche l', yo mete l' bò bouch Jezi.
  30. 30 Lè Jezi fin pran venèg la, li di: Tou sa ki pou te rive rive! Apre sa, li bese tèt li, li mouri.
  31. 31 Se te lavèy jou repo a. Jwif yo pa t' vle pou kadav yo te rete sou kwa yo pandan jou repo a, paske jou repo a te yon gwo jou fèt. Yo mande Pilat pou fè kraze janm moun ki te kloure sou kwa yo, lèfini pou l' te fè wete kadav yo.
  32. 32 Se lè sa a, sòlda yo vini, yo kraze janm premye nonm yo te kloure sou kwa menm lè ak Jezi a. Apre sa, yo kraze janm dezyèm lan tou.
  33. 33 Men, lè yo rive sou Jezi, yo wè li te gen tan mouri. Se sak fè yo pa t' kraze janm li yo.
  34. 34 Men, yonn nan sòlda yo pèse bò kòt li avèk yon lans. Lamenm, dlo ak san koule sot nan twou a.
  35. 35 Moun k'ap rapòte bagay sa yo te wè yo ak je li. Sa l'ap di a se vre. Li konnen li menm l'ap di laverite, pou nou menm tou nou ka kwè.
  36. 36 Tou sa pase konsa pou pawòl ki te ekri nan Liv la te ka rive vre: Yo pa kraze yon sèl zo nan kò li.
  37. 37 Gen yon lòt pawòl yo te ekri ankò ki di: Y'a leve je yo gade, y'a wè moun yo te pèse a.
  38. 38 Apre sa, Jozèf, moun lavil Arimate a, al mande Pilat pèmisyon pou li te pran kò Jezi. (Jozèf sa a te yon disip Jezi, men an kachèt, paske li te pè jwif yo.) Pilat ba l' pèmisyon an. Se konsa, Jozèf vini, li pran kò Jezi, li pote l' ale.
  39. 39 Nikodèm, nonm ki ta l' jwenn Jezi yon lè nan mitan lannwit lan, te vini tou. Li te pote senkant lit konsa yon odè yo rele lami melanje ak lalwa nan lwil.
  40. 40 Yo tou de rive, yo pran Jezi. Pandan yo t'ap vlope l' nan bann twal fin yo, yo mete lwil santi bon sou li jan jwif yo te konn fè lè y'ap antere moun.
  41. 41 Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te gen yon jaden. Nan jaden an te gen yon kavo tou nèf. Yo pa t' ankò mete pesonn ladan li.
  42. 42 Se te lavèy jou repo jwif yo, epi kavo a te toupre. Se sak fè, se la yo te mete kò Jezi a.

Served exactly as published. Public domain.

Understand this verse

Read aloud

Read aloud in another edition

One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.

Read this chapter in that edition

Explained

Understand this chapter

Pilate has Jesus flogged, and the soldiers dress him up as a king to mock him. Pilate keeps trying to release him and keeps being pushed back, until he hands him over. Jesus is crucified between two others, with a notice over him in three languages. He speaks to his mother, says he is thirsty, and says it is finished. A soldier pierces his side. Two men who had kept quiet until now bury him.

Read the explanation

In other languages