Jan 17
- 1 Apre Jezi fin pale konsa, li leve je l' anlè nan syèl la, li di: O Papa, lè a rive. Fè yo wè bèl pouvwa Pitit la, pou Pitit la ka fè yo wè bèl pouvwa ou la tou.
- 2 Ou te ba l' otorite sou tout moun pou l' te kapab bay tout moun ou ba li yo lavi ki p'ap janm fini an.
- 3 Lavi ki p'ap janm fini an, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a: Jezikri.
- 4 Mwen te fè yo wè bèl pouvwa ou sou tè sa a. Mwen fè tou sa ou te ban m' fè.
- 5 Koulye a, Papa, ban mwen bèl pouvwa devan je ou, menm pouvwa mwen te genyen lè m' te avè ou la depi anvan ou te kreye tout bagay.
- 6 Moun ou te mete apa nan lemonn pou mwen yo, mwen fè yo konnen ki moun ou ye. Se pou ou yo te ye. Se ou menm ki te ban mwen yo. Epi yo kenbe pawòl ou.
- 7 Koulye a, yo konnen tou sa ou ban mwen se nan men ou yo soti.
- 8 Paske mwen ba yo pawòl ou te ban mwen an. Yo resevwa li. Yo rekonèt mwen soti tout bon bò kote ou, yo kwè se ou ki voye m' vre.
- 9 M'ap lapriyè pou yo. Mwen p'ap lapriyè pou moun lemonn yo, men pou moun ou ban mwen yo, paske se pou ou yo ye.
- 10 Tou sa m' genyen se pou ou, tou sa ou genyen se pou mwen. Pouvwa mwen parèt aklè nan yo.
- 11 Mwen pa nan lemonn lan ankò. Men yo menm, yo nan lemonn lan toujou. Mwen menm, m'ap vin jwenn ou. Papa, ou menm ki apa, pwoteje yo pa pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an, pou yo ka fè yon sèl menm jan ou fè yon sèl avèk mwen.
- 12 Pandan m' te la avèk yo, mwen te pwoteje yo ak pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an. Mwen te pwoteje yo: yo yonn pa t' pèdi, esepte nonm ki pou te pèdi a, pou sa ki te ekri nan Liv la rive vre.
- 13 Koulye a, m'ap vin jwenn ou. M'ap pale konsa pandan m' sou latè a, pou jan kè m' kontan an se konsa pou kè yo ka kontan tou nèt ale.
- 14 Mwen te ba yo pawòl ou; lemonn rayi yo paske yo menm yo pa moun lemonn, menm jan mwen menm mwen pa moun lemonn.
- 15 Mwen pa mande ou pou wete yo nan lemonn lan, men pou ou pwoteje yo anba Satan.
- 16 Yo pa moun lemonn, menm jan mwen pa moun lemonn.
- 17 Fè yo viv pou ou nèt gremesi verite a. Pawòl ou se verite a.
- 18 Mwen voye yo nan lemonn lan menm jan ou te voye m' nan lemonn lan.
- 19 Se pou yo m'ap viv jan ou vle l' la, pou yo menm tou yo ka viv jan ou vle l' la, gremesi verite a.
- 20 Se pa pou yo sèlman m'ap lapriyè, men pou tout moun ki va mete konfyans yo nan mwen lè y'a tande mesaj la.
- 21 M'ap lapriyè pou yo tout fè yon sèl. Papa, se pou yo tout fè yonn ansanm ak nou, menm jan ou menm ou nan mwen, mwen menm mwen nan ou. Se pou yo tout fè yon sèl pou moun ki nan lemonn yo ka kwè se ou ki te voye mwen.
- 22 Mwen te ba yo menm pouvwa ou te ban mwen an, pou yo tout te ka fè yonn menm jan ou fè yon sèl avè m' tou:
- 23 mwen nan yo, ou nan mwen, pou yo tout fè yon sèl nèt ale, pou moun ki nan lemonn yo ka rive rekonèt se ou ki te voye m', pou yo ka rive konnen ou renmen yo menm jan ou renmen m' lan.
- 24 Papa, se ou ki te ban mwen yo. Mwen ta vle pou yo toujou avè m' kote m' prale a, pou yo ka wè pouvwa mwen, pouvwa ou te ban mwen an, paske ou te renmen m' depi lontan anvan ou te kreye tout bagay.
- 25 O Papa, ou menm ki fè tout bagay byen, moun ki nan lemonn yo pa konnen ou. Men mwen menm, mwen konnen ou. Moun sa yo konnen se ou ki te voye mwen.
- 26 Mwen te fè yo konnen ki moun ou ye. M'ap kontinye fè sa toujou, pou kalite renmen ou gen pou mwen an ka nan yo, pou mwen menm mwen ka nan yo tou.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionExplained
Understand this chapter
The whole chapter is one prayer, said out loud with the disciples listening. He prays first about himself and the work he has finished, then for the eleven who are with him, and then for everyone who will believe because of them. What he asks for them, more than once, is that they be one.
Read the explanationIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian