Egzòd 17
- 1 Tout moun pèp Izrayèl yo pati, yo kite dezè Sin lan, dapre lòd Seyè a te ba yo. Yo fè wout la moso pa moso, jouk yo rive Refidim kote yo moute tant yo. Men, pa t' gen dlo la pou pèp la te bwè.
- 2 Yo leve fè kont ak Moyiz. Yo di l': -Ban nou dlo pou nou bwè! Moyiz reponn yo: -Poukisa n'ap chache m' kont konsa? Pouki n'ap sonde Seyè a konsa?
- 3 Men, pèp la te swaf dlo anpil, yo t'ap bougonnen sou do Moyiz. Yo di l': -Poukisa ou fè nou soti kite peyi Lejip la? Gen lè se pou te fè nou vin mouri swaf dlo isit la, avèk pitit nou yo ansanm ak tout bèt nou yo?
- 4 Moyiz menm lapriyè nan pye Bondye. Li di l' konsa: -Kisa pou m' fè ak moun sa yo? Yo san lè touye m' ak kout ròch!
- 5 Seyè a di Moyiz: -Pran kèk chèf fanmi pèp Izrayèl la avèk ou, pase devan pèp la. Kenbe baton ou te sèvi pou frape gwo la rivyè Nil lan nan men ou. Epi mache.
- 6 Mwen menm, m'ap kanpe laba a, dwat devan ou, sou tèt gwo ròch Orèb la. W'a frape ròch la, dlo va soti ladan l'. Pèp la va bwè. Se sa menm Moyiz te fè devan chèf fanmi pèp Izrayèl la.
- 7 Yo rele kote sa a Masa ak Meriba, paske pèp Izrayèl la t'ap chache kont, yo t'ap sonde Seyè a lè yo te mande: Eske Seyè a nan mitan nou, wi ou non?
- 8 Antan pèp Izrayèl la Refidim, moun Amalèk yo vin pou goumen ak yo.
- 9 Moyiz di Jozye konsa: -Chwazi kèk gason pou nou. Denmen w'a soti al goumen ak moun Amalèk yo. Mwen menm, m'a moute sou tèt ti mòn lan avèk baton Bondye te ban mwen an nan men mwen.
- 10 Jozye fè tou sa Moyiz te di l' fè. Li soti al goumen ak moun Amalèk yo. Moyiz menm moute sou tèt ti mòn lan ansanm ak Arawon ak Our.
- 11 Tout tan Moyiz te kenbe men l' yo leve anlè, se moun Izrayèl yo ki te pi fò. Men, kou Moyiz bese men l', se moun Amalèk yo ki te pi fò.
- 12 Rive yon lè Moyiz te bouke, de bra l' t'ap fè l' mal. Arawon ak Our pran yon ròch, yo mete l' deyè Moyiz, yo fè Moyiz chita sou li. Yo chak pran yon bra Moyiz, yo kenbe yo anlè. Yo kenbe yo konsa jouk solèy kouche.
- 13 Jozye menm te bat Amalèk ak moun li yo byen bat, li touye yo anba kout nepe.
- 14 Apre sa, Seyè a di Moyiz: -Ekri sa nan liv rejis la pou moun yo pa janm bliye batay sa a. W'a di Jozye konsa m'ap efase non Amalèk sou latè pou yo pa janm chonje l' ankò.
- 15 Moyiz bati yon lòtèl, li rele l': Seyè a se drapo m'.
- 16 Apre sa li di: -Men mwen leve men m' devan fotèy Seyè a, Seyè a p'ap janm sispann goumen ak moun Amalèk yo.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian