Zakari 13
- 1 Lè sa a, yon sous dlo va pete pou lave moun fanmi David yo ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo pou wete peche yo, pou mete yo nan kondisyon pou yo sèvi Bondye ankò. Se Seyè a menm ki di sa.
- 2 Seyè a pale, li di ankò: -Lè sa a, m'a disparèt ata non zidòl yo nan peyi a. Pesonn p'ap chonje yo ankò. M'a wete pwofèt yo nan peyi a, m'a wete nan kè tout moun lide pou yo sèvi zidòl.
- 3 Konsa, si yon moun vle pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye, papa l' ak manman l' ki fè l' va di se pou l' mouri, paske li pran pòz se mesaj ki soti nan Bondye, Seyè a, l'ap bay, epi se pa vre, se manti l'ap bay. Pandan l'ap bay mesaj la, papa l' ak manman l' ki fè l' la va pèse l'.
- 4 Lè sa a, pwofèt yo pral wont lè y'a fè yon vizyon. Yo p'ap mete rad fèt ak twal yo te konn gen sou yo. Yo p'ap ka bay manti ankò.
- 5 Men, tout moun va di: Se pa pwofèt mwen ye. Mwen se yon senp abitan. Depi m' piti se latè m'ap travay.
- 6 Si yon moun mande l': Pouki tout mak blese sa yo sou ponyèt ou? L'a reponn: Se kay yon zanmi sa rive m'.
- 7 Seyè ki gen tout pouvwa a pale, li di ankò: -Nepe, leve non! Al atake gadò mouton m' yo, moun k'ap travay avè m' lan. Touye l' pou bann mouton an ka gaye. M'ap pini ata moun ki pi piti yo.
- 8 Nan tout peyi a, sou chak twa moun, de pral mouri, yonn va rete.
- 9 Mwen pral pase rès moun sa yo nan dife. Mwen pral netwaye yo menm jan yo netwaye ajan nan dife. Mwen pral wè ki kalite moun yo ye menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon. Y'a lapriyè nan pye m', m'a reponn yo. M'a di yo se pèp pa m' yo ye. Y'a di se mwen menm, Seyè a, ki Bondye yo.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian