Zakari 10
- 1 Lè sezon prentan rive, mande Seyè a pou l' ban nou lapli. Se Seyè a ki fè loraj gwonde, ki fè gwo lapli tonbe. Li fè jaden tout moun pouse.
- 2 Moun k'ap bat kat yo, se twonpe y'ap twonpe moun. Divinò yo menm, se manti y'ap bay. Rèv yo fè pa vle di anyen. Moun yo mete espwa yo nan bagay ki p'ap janm rive. Moun yo pèdi tèt yo tankou mouton ki pèdi bann. Yo nan traka, paske pa gen chèf pou mennen yo.
- 3 Seyè a di ankò: -Mwen ankòlè sou moun lòt nasyon k'ap gouvènen pèp mwen an. Mwen pral pini yo. Wi, mwen pral pran swen bann mouton m' yo, moun fanmi Jida yo. Mwen pral ba yo fòs kouraj pou yo sèvi m' tankou chwal frengan pou fè lagè.
- 4 M'ap fè anpil ladan yo tounen chèf, kòmandan lame ak sòlda ki gen ladrès pou goumen. Se nan pèp la menm m'ap fè chèf ki pou gouvènen yo soti.
- 5 Moun pèp Jida yo pral genyen batay la, y'ap tankou sòlda k'ap foule lènmi anba pye yo nan labou nan granchemen. Yo pral goumen, paske Seyè a la avèk yo. Tout lènmi ki sou chwal yo pral wont.
- 6 Mwen pral bay moun fanmi Jida yo fòs. Mwen pral delivre moun fanmi Jozèf yo. M'ap fè yo tounen lakay yo paske kè m' fè m' mal pou yo. Se va tankou si m' pa t' janm lage yo. Se Seyè a, Bondye yo a, mwen ye. M'ap tande lapriyè yo fè nan pye m'.
- 7 Moun Efrayim yo pral tankou vanyan sòlda. Y'ap kontan tankou moun ki anba gwòg. Pitit pitit yo va chonje sa, y'a fè fèt. Y'a kontan pou sa Seyè a te fè pou yo.
- 8 Mwen pral rele yo pou m' fè yo sanble paske mwen delivre yo. Yo pral vin peple anpil ankò, jan yo te ye anvan an.
- 9 M'ap gaye yo nan mitan lòt nasyon yo. Men, y'a toujou chonje m', menm lè yo nan peyi byen lwen. Y'a viv la ansanm ak pitit yo. Yon jou, y'a tounen nan peyi yo a.
- 10 M'ap fè yo soti kite peyi Lejip tounen lakay yo. M'ap ranmase yo nan peyi Lasiri. Y'ap tounen vin rete nan peyi Galarad ak nan peyi Liban. Peyi a pral twò piti pou yo.
- 11 Lè pou yo janbe lanmè peyi Lejip la, mwen menm, Seyè a, m'a frape dlo lanmè a. Epi tout kote larivyè Nil ap koule yo pral chèch. Mwen pral kraze lògèy peyi Lasiri a. Peyi Lejip pral pèdi pouvwa li.
- 12 Mwen pral bay pèp mwen fòs kouraj ankò. Y'a sèvi m', y'a fè lwanj mwen. Se Seyè a menm ki di sa!
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian