Sòm 95
- 1 Vini non, ann fè kè nou kontan, ann chante pou Seyè a! Ann fè fèt pou moun k'ap pwoteje nou an, pou moun k'ap delivre nou an!
- 2 Ann parèt devan li pou nou di l' mèsi! Ann chante yon chante pou fè lwanj li!
- 3 Paske, Seyè a se yon Bondye ki gen pouvwa, se yon gwo wa sou tout lòt bondye yo.
- 4 Se li menm ki kenbe fondasyon tè a nan men l'. Se pou li tout tèt mòn yo ye tou.
- 5 Se pou li lanmè a ye, paske se li ki fè l', latè a tou, paske se li ki ba l' fòm ak men l'.
- 6 Vini non! Ann bese tèt nou devan li, ann adore li! Ann tonbe ajenou devan Seyè ki kreye nou an!
- 7 Se li ki Bondye nou, se pèp li nou ye, l'ap pran swen nou tankou mouton ki nan savann li. Si sèlman nou te vle tande jòdi a sa l'ap di nou:
- 8 -Pa kenbe tèt ak mwen, tankou zansèt nou yo te fè l' lè yo te bò sous dlo Meriba a, tankou yo te fè l' jou sa a nan dezè a bò Masa.
- 9 Lè sa a, yo te vle wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo te sonde m', malgre yo te deja wè tou sa mwen te fè pou yo.
- 10 Pandan karantan, ras moun sa yo ban m' degoutans. Mwen te di: Y'ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman mwen yo.
- 11 Se sak fè, lè m' te ankòlè a, mwen sèmante yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo pran repo ansanm ak mwen an.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian