Sòm 84
- 1 (084:1) Pou chèf sanba yo. Se sou lè yon chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm pitit Kore yo. (084:2) Ala bèl kay ou a bèl, Seyè ki gen tout pouvwa!
- 2 (084:3) Jan mwen anvi wè kay Seyè a sa! M'ap deperi sitèlman m' anvi al lakay Seyè a. M'ap chante, m'ap fè fèt pou Bondye vivan an.
- 3 (084:4) Menm ti zwezo jwenn kote pou yo rete, menm iwondèl jwenn nich pou mete pitit yo: Se toupre lotèl ou yo, Seyè ki gen tout pouvwa, ou menm ki Bondye mwen, ou menm ki wa mwen!
- 4 (084:5) Ala bon sa bon pou moun k'ap viv lakay ou yo! Yo toujou ap fè lwanj ou.
- 5 (084:6) Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou, pou moun ki fè lide ale sou Mòn Siyon an!
- 6 (084:7) Lè y'ap pase nan mitan Fon Sèk la, yo fè l' tounen yon kote ki plen sous dlo. Anvan yon ti lapli tonbe, tout jaden bèl.
- 7 (084:8) Plis y'ap mache, se plis y'ap gen fòs. Yo gen pou yo parèt devan Bondye sou mòn Siyon an.
- 8 (084:9) Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, koute lapriyè mwen. Bondye Jakòb la, panche zòrèy ou pou tande m'.
- 9 (084:10) Bondye, ou menm ki tout pwoteksyon nou, voye benediksyon ou sou wa ou te chwazi pou nou an!
- 10 (084:11) Yon jou pase anndan lakay ou pi bon pase mil jou pase nenpòt lòt kote. Mwen ta pito rete kanpe nan papòt kay Bondye a pase pou m' ta rete anndan kay mechan yo.
- 11 (084:12) Paske, se Seyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l' okenn bon bagay.
- 12 (084:13) Bondye ki gen tout pouvwa, ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou!
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian