esc

Sòm 61

Bib La · 8 verses

  1. 1 (061:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. (061:2) Bondye, tande jan m'ap rele nan pye ou! Koute lè m'ap lapriyè ou!
  2. 2 (061:3) Kè m' kase, mwen lwen lakay mwen. M'ap rele ou. Tanpri, mennen m' al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a.
  3. 3 (061:4) Paske, se ou k'ap pwoteje m', se ou k'ap pran defans mwen kont lènmi m' yo.
  4. 4 (061:5) Mwen ta renmen pase tout lavi m' lakay ou. Mwen ta renmen rete kache anba zèl ou.
  5. 5 (061:6) Bondye, ou tande pwomès mwen fè. Ban mwen sa ou bay tout moun ki respekte non ou lan.
  6. 6 (061:7) Mete kèk jou sou lavi wa a: Se pou l' viv lontan lontan ankò.
  7. 7 (061:8) Se pou l' gouvènen tout tan devan Bondye. Bondye va fè l' wè jan li renmen li, jan li toujou kenbe pawòl li: Bondye va pwoteje l'.
  8. 8 (061:9) Konsa, mwen p'ap janm sispann chante pou ou. Chak jou m'a fè sa m' te pwomèt ou a.

Served exactly as published. Public domain.

Read aloud

Read aloud in another edition

One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.

Read this chapter in that edition

In other languages