Sòm 56
- 1 (056:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pijon ki sou pye terebent byen lwen yo. Se yon chante David te ekri lè moun Filisti yo te mete men sou li nan lavil Gat. (056:2) Bondye papa mwen! Gen pitye pou mwen, paske mwen gen anpil moun k'ap pousib mwen. Tout lajounen y'ap fè m' lagè, y'ap toumante mwen.
- 2 (056:3) Tout lajounen lènmi m' yo ap pousib mwen. Se pa ti anpil yo anpil, moun k'ap fè m' lagè yo.
- 3 (056:4) Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
- 4 (056:5) Mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m'?
- 5 (056:6) Tout lajounen y'ap manke m' dega. Se yon sèl lide yo gen nan tèt yo: se fè mwen mal!
- 6 (056:7) Yo mete tèt yo ansanm, yo kache kò yo, y'ap veye tout vire tounen mwen. Y'ap tann okazyon konsa pou yo touye m'.
- 7 (056:8) Pa gen sove pou yo, paske yo fè twòp. Lè ou an kòlè, Bondye, fè pèp yo vin ba devan ou.
- 8 (056:9) Ou konnen tout kouri kache mwen yo. Ou konnen jan dlo koule nan je m'. Eske tout sa pa ekri nan liv ou a?
- 9 (056:10) Se poutèt sa lènmi m' yo gen pou kouri ale lè m' rele ou. Mwen konnen Bondye pou mwen.
- 10 (056:11) M'ap fè lwanj pawòl Bondye. Wi, m'ap fè lwanj pawòl Seyè a.
- 11 (056:12) Mwen gen konfyans nan Bondye, mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè mwen?
- 12 (056:13) O Bondye, m'ap ofri ou sa mwen te pwomèt ou yo, m'ap ofri bèt pou yo touye pou ou pou m' di ou mèsi.
- 13 (056:14) Paske ou pa kite m' mouri, ou pa kite m' bite, pou m' kapab mache devan ou nan mitan bèl limyè k'ap klere moun k'ap viv pou ou yo.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian