Sòm 54
- 1 (054:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante David (054:2) te ekri lè moun peyi Zif yo te al di Sayil men David kache lakay yo. (054:3) Bondye, delivre m' non avèk pouvwa ou! Fè m' jistis avèk fòs kouraj ou!
- 2 (054:4) Bondye, koute m' non lè m'ap lapriyè! Panche zòrèy ou pou tande pawòl k'ap soti nan bouch mwen!
- 3 (054:5) Paske gen yon seri moun awogan ki leve dèyè m', yon bann mechan ki soti pou touye m'! Yo pa menm chonje si gen Bondye!
- 4 (054:6) Men, Bondye ap vin ede m'. Seyè a ap pran defans mwen.
- 5 (054:7) L'ap fè mechanste moun ki pa vle wè m' yo tonbe sou tèt yo; l'ap fini nèt ak yo paske l'ap toujou kenbe pawòl li.
- 6 (054:8) Seyè, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou ak kè kontan, m'a fè lwanj ou, paske ou bon pou mwen.
- 7 (054:9) Ou delivre m' anba tray mwen te ye a; ou fè m' wè lènmi m' yo pèdi batay la.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian