Sòm 47
- 1 (047:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. (047:2) Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Seyè a! Rele ak kè kontan!
- 2 (047:3) Paske, Seyè ki anwo nan syèl la, se moun ki pa nan jwèt, se moun pou nou pè. Se yon gwo wa k'ap gouvènen sou tout latè.
- 3 (047:4) Li fè nou dominen sou anpil pèp, li mete anpil nasyon sou zòd nou.
- 4 (047:5) Se li ki chwazi peyi kote n'ap viv la pou nou. Peyi sa a se yon lwanj pou pitit Jakòb li renmen anpil yo.
- 5 (047:6) Bondye ap mache moute, tout pèp la ap rele, y'ap kònen klewon sitèlman yo kontan.
- 6 (047:7) Chante pou Bondye, fè lwanj li! Wi, chante pou wa nou an, fè lwanj li!
- 7 (047:8) Paske, se Bondye ki wa sou tout latè. Chante yon chante espesyal pou li!
- 8 (047:9) Bondye dominen sou tout nasyon yo. Bondye chita sou fotèy ki apa pou li a.
- 9 (047:10) Chèf lòt peyi yo mete tèt yo ansanm ak pèp Bondye Abraram lan, paske se Bondye ki gen tout zam pou defann pèp yo. L'ap dominen sou tout bagay.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian