Sòm 36
- 1 (036:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, sèvitè Seyè a. (036:2) Peche a pale nan fon kè mechan an: li mete nan tèt li pa gen rezon pou gen krentif Bondye.
- 2 (036:3) Li kwè li pi bon pase sa l' ye a: konsa, li pa vle rekonèt peche l' yo.
- 3 (036:4) Tout pawòl nan bouch li se move pawòl, se manti ase l'ap bay. Li fin pèdi tèt li, li pa ka fè anyen ki byen anko.
- 4 (036:5) Li kouche sou kabann li, l'ap fè move plan. Li sou yon move pant, li dakò ak tou sa ki mal.
- 5 (036:6) Seyè, ou renmen nou anpil anpil. Ou toujou kenbe pawòl ou.
- 6 (036:7) Jistis ou kanpe fèm tankou gwo mòn ou yo. Jijman ou yo se bagay moun pa ka fin konprann. Seyè, se ou menm ki pran swen moun ansanm ak tout bèt yo.
- 7 (036:8) Bondye, ala bon sa bon, renmen ou gen pou nou an! Se anba zèl ou lèzòm jwenn pwoteksyon.
- 8 (036:9) Yo manje vant plen ak manje yo jwenn an kantite lakay ou. Bon bagay ou yo tankou yon rivyè dlo k'ap koule kote yo bwè kont kò yo.
- 9 (036:10) Paske, se ou menm ki sous lavi a. Se limyè ou ki fè nou wè klè!
- 10 (036:11) Toujou renmen moun ki konnen ou! Toujou fè byen pou moun ki san repwòch devan ou!
- 11 (036:12) Pa kite awogan yo mete pye sou kou m'. Pa kite mechan yo fè m' kouri.
- 12 (036:13) Gade jan moun k'ap fè mal yo tonbe non! Yo rete atè a, yo pa ka kanpe sou pye yo ankò!
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian