Sòm 34
- 1 (034:1) Yon jou David te pran pòz moun fou li devan Abimelèk, pou Abimelèk te kite l' ale. Se aprè sa David ekri sòm sa a. (034:2) Se tout tan m'ap di Seyè a mesi, mwen p'ap janm sispann fè lwanj li.
- 2 (034:3) M'ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan.
- 3 (034:4) Mete tèt nou ansanm avè m' pou fè konnen jan Seyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm!
- 4 (034:5) Mwen te kriye nan pye Seyè a, li te reponn mwen. Li delivre m' anba tout sa ki t'ap fè m' pè yo.
- 5 (034:6) Lè nou vire je nou gade l', sa fè kè nou kontan. Nou p'ap janm wont.
- 6 (034:7) Lè moun ki san sekou yo rele l', li reponn yo, li delivre yo anba tout tray.
- 7 (034:8) Zanj Seyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje.
- 8 (034:9) Goute, n'a wè jan Seyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li!
- 9 (034:10) Nou tout pèp Seyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p'ap janm manke anyen.
- 10 (034:11) Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k'ap chache fè volonte Seyè a p'ap manke anyen.
- 11 (034:12) Vini non, timoun mwen yo, koute sa m'ap di nou. M'a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Seyè a.
- 12 (034:13) Ki moun ki ta renmen jwi lavi? Ki moun ki ta renmen viv lontan ak kè kontan?
- 13 (034:14) Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti.
- 14 (034:15) Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun.
- 15 (034:16) Seyè a ap veye moun ki mache dwat devan l' yo. L'ap koute yo lè y'ap rele nan pye l'.
- 16 (034:17) Men, Seyè a vire do bay moun k'ap fè sa ki mal, pou pesonn sou latè pa janm chonje yo.
- 17 (034:18) Lè moun ki mache dwat yo rele l', li tande yo. Li wete yo anba tray.
- 18 (034:19) Seyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.
- 19 (034:20) Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l' soufri anpil. Men, Seyè a ap delivre l' anba tout soufrans li yo.
- 20 (034:21) L'ap pwoteje l' nèt ale. Pa yon ti zo nan kò l' p'ap kraze.
- 21 (034:22) Malè gen pou fini ak mechan yo. Moun ki pa vle wè moun k'ap mache dwat yo gen pou yo tonbe anba chatiman.
- 22 (034:23) Seyè a ap delivre moun k'ap sèvi l' yo, li p'ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote l'.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian