Sòm 16
- 1 Sè yon kantik David. Pwoteje m', Bondye, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon.
- 2 Mwen di Seyè a: -Se ou ki sèl Mèt mwen. Se ou menm ki tout mwen. Pa gen pase ou!
- 3 Tout plezi m' se pou m' toujou la avè moun k'ap sèvi Seyè a nan peyi a.
- 4 Moun k'ap kouri dèyè tout lòt bondye yo, se traka y'ap chache bay tèt yo. Mwen p'ap mele nan ofrann bèt y'ap fè. Mwen p'ap janm nonmen non bondye sa yo.
- 5 Seyè, se ou menm ki tout byen mwen. Se ou ki ban m' tou sa m' merite. Lavi m' nan men ou.
- 6 Ala yon bèl eritaj ki vin pou mwen! Ala kontan mwen kontan pou pòsyon pa m' lan!
- 7 M'ap fè lwanj Seyè a paske li ban m' bon konsèy. Menm lannwit, konsyans mwen di m' sa pou m' fè.
- 8 Mwen toujou mete Seyè a devan je m'. Paske li toujou bò kote m'. Anyen pa ka brannen m'.
- 9 Se poutèt sa, kè m' kontan anpil. Mwen santi se tout tan mwen ta chante. Ata kò mwen m'ap poze ak konfyans nan Bondye.
- 10 Paske ou p'ap kite m' kote mò yo ye a, ou p'ap penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè.
- 11 W'a fè m' konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè m', mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Seyè, se yon plèzi ki p'ap janm fini.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian