esc
A lyre, a ram’s horn, a hand drum and bronze cymbals laid on a woven cloth.

Sòm 150

Bib La · 6 verses

  1. 1 Lwanj pou Seyè a! Lwanj pou Bondye nan tanp ki apa pou li a! Lwanj pou Bondye nan syèl la kote pouvwa li parèt aklè!
  2. 2 Lwanj pou li pou bèl bagay li fè yo! Lwanj pou li pou jan li gen anpil anpil fòs!
  3. 3 Lwanj pou li ak twonpèt! Lwanj pou li ak gita ak bandjo!
  4. 4 Lwanj pou li ak tanbou! Danse pou fè lwanj li! Lwanj pou li ak gita ak vaksen!
  5. 5 Lwanj pou li ak senbal ki bay bèl son! Lwanj pou li ak senbal ki fè gwo bri!
  6. 6 Se pou tou sa ki gen souf fè lwanj Seyè a! Lwanj pou Seyè a!

Served exactly as published. Public domain.

Read aloud

Read aloud in another edition

One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.

Read this chapter in that edition

In other languages