Sòm 148
- 1 Lwanj pou Seyè a! Nou menm ki rete anwo nan syèl la, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj li anwo nan syèl la!
- 2 Se pou nou tout zanj li yo fè lwanj li. Se pou nou tout lame ki nan syèl la fè lwanj li.
- 3 Solèy ak lalin, fè lwanj li! Zetwal k'ap klere nan syèl la, fè lwanj li!
- 4 Se pou yo fè lwanj li anwo nèt nan syèl la. Se pou tout dlo ki pi wo pase syèl la fè lwanj li.
- 5 Se pou yo tout fè lwanj Seyè a! Paske, li annik pase yon lòd, epi tout bagay fèt.
- 6 Li mete yo chak nan plas yo pou tout tan. Li ba yo yon lòd, yo pa ka pa obeyi l'.
- 7 Se pou tout bagay ki sou latè fè lwanj li: gwo bèt lanmè ansanm ak fon lanmè a,
- 8 dife ak lagrèl, lanèj ak vapè, gwo van k'ap fè sa li di yo fè,
- 9 gwo mòn kou ti mòn, pyebwa k'ap donnen ak tout gwo pye sèd yo,
- 10 tout bèt nan bwa, tout bèt domestik, tout bèt k'ap trennen sou vant, ak tout zwezo k'ap vole nan syèl.
- 11 Fè lwanj li, nou menm wa yo ak tout pèp ki sou latè, chèf ak nou tout k'ap dirije lèzòm,
- 12 jenn fi kou jenn gason, granmoun kou timoun.
- 13 Se pou nou tout fè lwanj Seyè a, paske li gen yon non ki pi gwo pase tout lòt non. Pouvwa li pi wo pase syèl la ak latè a.
- 14 Li rebay pèp li a fòs ankò. Sa te yon lwanj pou tout moun k'ap sèvi l' yo, pou pitit Izrayèl yo, pou pèp li renmen anpil la. Lwanj pou Seyè a!
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian