Sòm 145
- 1 Se yon chante David te ekri pou fè lwanj Bondye. Bondye mwen, wa mwen, m'a fè konnen jan ou gen pouvwa. M'ap di ou mèsi tout tan tout tan.
- 2 Chak jou m'ap di ou mèsi. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan.
- 3 Seyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p'ap janm fin konprann jan li gen pouvwa!
- 4 Papa va fè lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fè. Y'a rakonte tout bèl bagay ou fè yo.
- 5 M'a rakonte jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs. M'a fè konnen bèl mèvèy ou yo.
- 6 Y'a di jan ou gen pouvwa kifè moun respekte ou. M'a rakonte jan ou gen fòs.
- 7 Y'a fè tout moun chonje jan ou gen bon kè. Y'a chante pou ou, paske ou pa nan patipri.
- 8 Seyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p'ap janm sispann renmen nou!
- 9 Seyè a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fè.
- 10 Seyè, tou sa ou fè ap fè lwanj ou! Tout moun pa ou yo ap di ou mèsi!
- 11 Y'a di jan ou gouvènen avèk otorite. Y'a fè konnen jan ou gen pouvwa,
- 12 pou tout moun ka konnen jan ou gen fòs, jan ou gouvènen avèk otorite.
- 13 Gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap dominen pou tout tan. Seyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè.
- 14 L'ap soutni tout moun k'ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj.
- 15 Seyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje.
- 16 Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen.
- 17 Seyè a san patipri nan tou sa l'ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè.
- 18 Seyè a kanpe toupre moun k'ap rele l', toupre tout moun k'ap rele l' ak tout kè yo.
- 19 L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l', l'ap delivre yo.
- 20 L'ap pwoteje tout moun ki renmen l'. Men, l'ap detwi tout mechan yo.
- 21 M'a fè lwanj Seyè a ak bouch mwen. Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fè l' tout tan tout tan.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian