Sòm 138
- 1 Se yon sòm David. Seyè, m'ap di ou mèsi ak tout kè m'. La, devan lòt bondye yo, m'ap chante, m'ap jwe gita pou ou!
- 2 M'ap mete ajenou devan kay ki apa pou ou a, m'ap fè lwanj ou, paske ou gen bon kè, paske ou toujou kenbe pawòl ou, paske ou fè sa ou te pwomèt la. Se tout moun k'ap nonmen non ou koulye a.
- 3 Lè m' te rele ou, ou te reponn mwen, ou te ban m' plis kouraj.
- 4 Tout moun ki sou latè va fè lwanj ou, Seyè, lè y'a vin konnen pawòl ki soti nan bouch ou.
- 5 Y'a chante pou sa Seyè a te fè, y'a di: Ala gwo pouvwa Seyè a genyen!
- 6 Wi, Seyè a anwo nan syèl la. Men, li wè moun ki soumèt devan li. Li rete byen lwen, li rekonèt moun k'ap fè grandizè yo.
- 7 Menm lè mwen nan gwo tèt chaje, ou pa kite m' mouri. Ou leve men ou pou rete lènmi m' yo ki ankòlè. Ou sove m' avèk fòs ponyèt ou.
- 8 W'a fin fè sa ou te konmanse fè pou mwen an. Seyè, ou p'ap janm sispann renmen nou. Pa vire do ou kite travay ou konmanse fè a!
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian