Sòm 13
- 1 (013:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (013:2) Konbe tan ankò w'a bliye m', Seyè? Gen lè ou bliye m' nèt? Konbe tan ankò m'a rete san m' pa wè ou?
- 2 (013:3) Konbe tan ankò pou m' soufri? Konbe tan ankò pou m' gen lapenn nan kè mwen, pou m' gen lapenn lajounen kou lannwit? Konbe tan ankò lènmi m' yo va pilonnen m' anba pye yo?
- 3 (013:4) Gade m' non, Seyè! Reponn mwen non, Bondye mwen! Kenbe m' pou m' pa mouri.
- 4 (013:5) Konsa, moun k'ap pèsekite m' yo p'ap ka di: Nou fini avè l'! Yo p'ap gen chans wè m' tonbe pou yo kontan!
- 5 (013:6) Pou mwen menm, se sou ou mwen konte, paske ou renmen m' anpil. Kè m' kontan, paske ou delivre mwen.
- 6 (013:7) M'ap chante pou Seyè a, paske li te bon pou mwen.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian