Sòm 127
- 1 Se yon chante Salomon pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si se pa Seyè a ki bati kay la, travay moun k'ap bati yo pa vo anyen. Si se pa Seyè a k'ap pwoteje lavil la, travay moun k'ap veye yo pa vo anyen.
- 2 Sa pa vo lapenn pou nou leve granmaten, pou nou kouche ta, pou nou travay di pou n' ka manje, paske, lè Bondye renmen yon moun, li ba li tout bagay pandan l'ap dòmi.
- 3 Pitit se kado Bondye bay, se yon rekonpans pou manman ak papa.
- 4 Menm jan yon sòlda santi li gen kouraj lè l' gen zam li nan men l', se menm jan an tou pou yon moun ki fè pitit gason depi lè l' te jenn.
- 5 Ala bon sa bon pou moun ki gen anpil zam konsa! Li p'ap janm wont lè li kanpe nan pòtay lavil la pou l' diskite ak moun k'ap chache l' kont.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian