Sòm 116
- 1 Mwen renmen Seyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen.
- 2 Li te panche zòrèy li bò kote m' chak fwa mwen rele l'.
- 3 Lanmò te fin vlope m'. Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kè m' te kase, mwen te nan gwo lapenn.
- 4 Lè m' wè sa, mwen rele Seyè a. Mwen di li: -Tanpri, Seyè, delivre m' non!
- 5 Seyè a gen kè sansib, li pa gen patipri. Bondye nou an gen bon kè.
- 6 Seyè a pwoteje moun ki san sekou. Lè mwen te nan malè, se li ki te sove mwen.
- 7 Mwen mèt rete kè poze, paske Seyè a te bon pou mwen.
- 8 Seyè, ou delivre m' anba lanmò. Ou fè m' sispann kriye. Ou pa kite m' bite.
- 9 Se konsa m'a mache devan Seyè a, nan peyi moun vivan yo.
- 10 Mwen te kenbe konfyans mwen fèm nan Seyè a, menm lè m' t'ap di: -Malè pa manke tonbe sou mwen!
- 11 menm nan tèt chaje mwen te ye a, lè m' t'ap di: -Ou pa ka fè pesonn konfyans!
- 12 Kisa m'a fè pou Seyè a, pou tout byen li fè pou mwen yo?
- 13 M'a ofri yon bwason bay Seyè a, paske li delivre m'. M'a rele l' pou m' di l' mèsi.
- 14 Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, m'a fè sa m' te pwomèt li a.
- 15 Sa fè Seyè a lapenn anpil lè li wè yonn nan moun k'ap sèvi l' yo mouri!
- 16 Seyè, mwen se yonn nan sèvitè ou yo. Mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou. Se ou ki te kase kòd ki te mare m' yo.
- 17 M'ap ofri bèt pou yo touye bay Seyè a, m'ap rele l' pou m' di l' mèsi.
- 18 -(we vèsè pwochen)
- 19 Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, nan mitan kay li a, nan mitan lavil Jerizalèm m'a fè sa m' te pwomèt li a. Lwanj pou Seyè a!
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian