esc

Sòm 11

Bib La · 7 verses

  1. 1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Se bò kote Seyè a m'ap chache pwoteksyon. Ki jan nou ka fè di m': Kouri al kache kò ou nan mòn tankou zwazo,
  2. 2 paske mechan yo pare banza yo, y'ap vize ak flèch yo pou yo tire nan fènwa sou moun k'ap mache dwat yo?
  3. 3 Pa gen anyen yon bon moun ka fè, lè tout bagay tèt anba.
  4. 4 Seyè a nan kay ki apa pou li a, li gen fotèy li nan syèl la. L'ap gade lèzòm: li konnen sa y'ap fè.
  5. 5 Kit yo bon, kit yo mechan, Bondye ap gade sa y'ap fè. li pa vle wè moun k'ap fè mechanste.
  6. 6 Li voye chabon dife ak souf cho sou mechan yo tankou lapli. Li soufle yon van cho kou dife sou yo. Se sa yo tout yo merite.
  7. 7 Seyè a pa nan patipri, li renmen lè moun fè bagay ki byen. Moun ki mache dwat yo va parèt devan li.

Served exactly as published. Public domain.

Read aloud

Read aloud in another edition

One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.

Read this chapter in that edition

In other languages