Revelasyon 17
- 1 Lè sa a, yonn nan sèt zanj ki te kenbe sèt gode yo vin di mwen: Vini non. Mwen pral fè ou wè ki jan yo pral peni gwo jennès la, gwo lavil ki bati nan mitan gwo dlo yo.
- 2 Wa latè yo lage kò yo nan dezòd avè l': Tout moun ki rete sou latè te sou ak diven movèz vi li a.
- 3 Nan vizyon an, mwen wè zanj lan pote m' ale nan yon dezè. La, mwen wè yon fanm ki te chita sou yon bèt tou wouj. Bèt la te gen sèt tèt ak dis kòn. Tout kò l' te kouvri ak mo ki te jouman pou Bondye.
- 4 Fanm lan te gen yon rad swa mòv ak wouj san sou li. Li te chaje ak bijou fèt an lò, ak piè tout koulè ansanm ak bèl grenn pèl. Li te kenbe nan men l' yon gode fèt an lò ki te plen ak madichon ansanm ak vie bagay sal lavi jennès li a.
- 5 Te gen yon non ekri sou fwon li ki te gen yon sans kache: Gwo Babilòn, manman jennès yo ansanm ak tout bagay sal k'ap fèt sou latè.
- 6 Mwen wè fanm lan te sou tèlman li te bwè san moun k'ap sèvi Bondye yo ak san tout moun yo te touye paske yo te pran pozisyon pou Jezi. Lè m' wè l', mwen te sezi anpil.
- 7 Men, zanj lan di mwen: Poukisa ou sezi konsa? Mwen pral ba ou yon sekrè, mwen pral fè ou konnen ki sans pou ou bay fanm lan ansanm ak bèt k'ap pòte l' la, bèt ki gen sèt tèt ak dis kòn lan.
- 8 Bèt ou wè a te vivan yon lè. Koulye a li pa vivan ankò. Li gen pou l' moute soti nan gwo twou san fon an, apre sa pou li al mouri nèt. Moun ki rete sou latè ki pa t' gen non yo ekri depi lè Bondye t'ap kreye tout bagay nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo pral sezi anpil lè y'a wè bèt la. Paske li te vivan nan tan lontan, koulye a li pa la, men li gen pou l' parèt ankò.
- 9 Se koulye a pou moun fè wè yo gen lespri ak bon konprann. Sèt tèt yo, se sèt ti mòn kote fanm lan chita a. Se sèt wa tou yo ye.
- 10 Senk ladan yo gen tan tonbe, yonn ap gouvènen koulye a, dènye a poko vini. Lè la vini, li p'ap la pou lontan.
- 11 Bèt la menm ki te vivan nan tan lontan men ki pa la koulye a, se yon witièm wa. Li fè yonn ak sèt premie yo, li pral fin pèdi tèt li nèt.
- 12 Dis kòn ou wè yo, se dis lòt wa ki poko konmanse gouvènen. Men, y'ap resevwa pouvwa pou yo gouvènen tankou wa pandan yon ti tan ansanm ak bèt la.
- 13 Yo toulèdis gen menm lide nan tèt yo, y'ap renmèt pouvwa yo ak otorite yo bay bèt la.
- 14 Y'a goumen kont ti Mouton an. Men, ti Mouton an va kraze yo, paske li Chèf tout chèf, li Wa tout wa. Li va kraze yo avèk moun pa l' yo, moun Bondye te rele, moun li te chwazi, moun ki kenbe fèm ak li.
- 15 Zanj lan di m' ankò: Ou te wè jennès la chita nan mitan anpil gwo dlo. Dlo sa yo se pèp, se foul moun, yon bann nasyon ki pale tout lang.
- 16 Dis kòn ou te wè ansanm ak bèt la, yo pral rayi fanm movèz vi a: y'a pran tou sa l' genyen, y'a kite l' toutouni, y'a manje viann li, y'a boule l' nan dife.
- 17 Bondye mete nan kè yo lide pou yo fè sa li menm li vle, pou yo tout tonbe dakò fè menm bagay, pou yo renmèt pouvwa yo kòm wa nan men bèt la, jouk tan pawòl Bondye yo va rive vre.
- 18 Pou fini, fanm ou te wè a, sè gwo lavil k'ap donminen sou tout wa ki sou latè yo.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian