Resansman 17
- 1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
- 2 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Di yo pou yo pote douz branch bwa, yon branch bwa pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la. Wi, y'a pran yon branch bwa nan men chèf chak branch fanmi. Epi w'a ekri non chak chèf sou branch bwa pa yo.
- 3 W'a ekri non Arawon sou branch bwa Levi a. Va gen yon sèl branch bwa pou chak moun ki chèf nan branch fanmi pa l'.
- 4 W'a mete yo nan Tant Randevou a, devan Bwat Kontra a, kote mwen ban nou randevou a.
- 5 Branch bwa ki pote non moun mwen chwazi a, se li menm ki va fè flè. Se konsa m'a fè moun Izrayèl yo sispann bougonnen sou do ou.
- 6 Moyiz pale ak moun pèp Izrayèl yo. Epi chak chèf pote ba li yon branch bwa, yonn pou chak branch fanmi. Sa te fè douz branch bwa antou. Branch bwa Arawon an te nan mitan tout lòt yo.
- 7 Moyiz pran tout branch bwa yo, li mete yo devan Bwat Kontra Seyè a, nan Tant Randevou a.
- 8 Nan denmen, lè Moyiz antre nan Tant Randevou a, li wè branch bwa Arawon an, ki pou branch fanmi Levi a, te fè flè. Li te gen tan fè bouton, flè yo te louvri, zanmann yo te mi.
- 9 Moyiz pran tout branch bwa yo ki te devan lotèl Seyè a, li pote yo bay moun pèp Izrayèl yo. Yo wè sa ki rive, epi chak chèf pran branch bwa ki te pou yo a.
- 10 Seyè a di Moyiz: -Remete branch bwa Arawon an devan Bwat Kontra a. Se pou yo konsève l' pou sa sèvi yon siy pou moun tèt di sa yo, pou yo ka sispann bougonnen. Si yo pa sispann bougonnen, y'ap mouri!
- 11 Moyiz fè jan Seyè a te ba li lòd fè a.
- 12 Apre sa, moun pèp Izrayèl yo pale ak Moyiz, yo di l' konsa: -Gade jan n'ap mouri, n'ap deperi, nou tout ap fini.
- 13 Depi yon moun pwoche bò Tant Randevou a, li mouri. Si se konsa, nou tout ap mouri!
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian