Pwovèb 9
- 1 Bon konprann bati kay li, li kanpe l' avèk sèt gwo poto.
- 2 Li fè yo pare bon vyann pou fè fèt, li fè bon konpoze ak diven, li ranje tab la byen ranje.
- 3 Li rele sèvant li yo, li voye yo moute kote ki pi wo nan lavil la pou fè tout moun konnen nouvèl la, pou di yo:
- 4 Nou menm ki poko konn anyen, vini non! Li rele moun san konprann yo, l'ap di yo:
- 5 Vin manje manje mwen an non! Vin bwè bon diven mwen pare a non!
- 6 Kite sòt! Vin aprann lavi! Vin mache nan chemen konesans.
- 7 Si w'ap kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz, l'ap joure ou mete sou li. Si w'ap rale zòrèy yon mechan, l'ap bat ou mete sou li.
- 8 Pa janm kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz. L'a rayi ou. Men, si w'ap kouri dèyè yon moun ki gen konprann, l'a gen respè pou ou.
- 9 Si ou pale ak yon moun ki gen bon konprann, w'ap fè l' gen plis bon konprann toujou. Plis w'ap moutre yon nonm debyen, plis l'ap mete sou konesans li.
- 10 Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann. Si ou konnen ki moun Bondye ye, ou gen lespri.
- 11 Bon konprann ap fè ou viv lontan. L'ap fè ou wè plizyè lanne.
- 12 Si ou gen bon konprann, premye moun k'ap pwofite sa se ou menm. Konsa tou, si w'ap pase konesans nan betiz, se ou menm tou k'ap peye konsekans lan pou kont ou.
- 13 Moun sòt, se tankou yon fanm ki pale fò, ki pa konn anyen, ki pa wont anyen.
- 14 Li chita sou yon chèz devan papòt lakay li, li kage chèz li kote ki pi wo nan lavil la.
- 15 L'ap rele moun ki sou wout yo, ki pa sou bò l'. L'ap di yo:
- 16 Vini jwenn mwen non, nou menm ki poko konn anyen! Li pale ak moun ki san konprann yo, li di yo:
- 17 Dlo kay moun toujou pi fre. Manje deyò toujou gen pi bon gou!
- 18 Men, moun ki pran nan pawòl fanm sa a pa konnen lè yo mete pye lakay li se papye lanmò yo yo senyen. Depi yo antre lakay li, yo deja mouri.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian