Pwovèb 2
- 1 Pitit mwen, aprann sa m'ap moutre ou la a. Chache pou ou pa janm bliye sa mwen di ou fè a.
- 2 Se poutèt sa, louvri zòrèy ou pou ou tande sa moun ki gen sajès ap di ou. Chache konprann yo.
- 3 Wi, pa janm sispann chache gen konesans. Mande pou ou gen bon konprann.
- 4 Kouri dèyè konesans tankou moun k'ap kouri dèyè lajan. Chache konesans tankou moun k'ap chache ja lajan.
- 5 Si ou fè tou sa, w'a konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye. W'a resi konnen ki moun Bondye ye.
- 6 Se Seyè a ki bay konesans. Pawòl ki soti nan bouch li bay lespri ak konprann.
- 7 Lè yon moun mache dwat, Seyè a ba li bon konsèy. Lè yon moun serye, li pwoteje l'.
- 8 Li pwoteje moun ki pa fè lenjistis. Li pran defans moun ki kenbe fèm nan sèvis li.
- 9 Si ou koute m', w'a konnen ki jan pou ou mennen bak ou byen, ki jan pou ou pa fè lenjistis. W'a konnen ki jan pou ou mache dwat nan lavi. W'a konnen tout bon bagay ou dwe fè.
- 10 Lè sa a, w'a gen bon konprann nan ou. W'a pran tout plezi ou nan konesans ou genyen.
- 11 Entèlijans ou p'ap kite anyen rive ou, konesans ou pral yon pwoteksyon pou ou.
- 12 Yo p'ap kite ou fè sa ki mal. Yo p'ap kite moun k'ap fè bèl diskou pou twonpe moun pwoche bò kote ou.
- 13 Moun sa yo, se moun ki kite chemen dwat la pou lage kò yo nan fènwa.
- 14 Se moun ki pran plezi yo nan fè sa ki mal. Se moun ki kontan anpil pou wè mechanste lòt moun ap fè.
- 15 Ou pa janm konnen kote ou ye ak moun sa yo, tout kò yo se plan.
- 16 Entèlijans ou ak konesans ou va delivre ou anba fanm adiltè yo, anba fanm lòt peyi ki gen bèl pawòl dous pou pran tèt ou.
- 17 Fanm konsa se fanm k'ap twonpe mari yo, fanm ki bliye pwomès yo te fè Bondye.
- 18 Si ou mete pye lakay yo, ou sou wout lanmò. Si ou ale lakay yo, ou pa lwen ale kote mò yo ye a.
- 19 Lakay yo, se antre pa soti. Pa gen lavi pou ou ankò!
- 20 Se poutèt sa, swiv egzanp moun debyen. Mache pye pou pye dèyè moun ki pa fè chemen kwochi.
- 21 Paske se moun k'ap mache dwat yo ki pral rete nan peyi a. Se moun serye yo ki pral la.
- 22 Men, Bondye ap disparèt mechan yo nan peyi a. L'ap rache moun k'ap fè sa ki mal yo tankou yo rache move zèb.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian