Pwovèb 18
- 1 Moun k'ap viv apa se tèt li ase li konnen. Li move sou tout moun ki vle ba li bon konsèy.
- 2 Moun sòt pa pran plezi l' nan chache konprann. Tou sa l'ap chache se fè moun konprann li gen lespri.
- 3 Y'ap meprize moun k'ap fè mechanste. Moun ki pa fè respè tèt yo gen pou yo wont.
- 4 Pawòl moun ki gen konprann fon kou lanmè, fre tankou yon sous k'ap koule tout tan.
- 5 Sa pa bon pou ou pran pou moun mechan, ni pou ou enpoze yo rann moun inonsan jistis.
- 6 Depi moun sòt ap pale, se kont l'ap chache. Si ou koute pawòl nan bouch li, w'a ba l' kou.
- 7 Bouch moun sòt se kondannasyon li. Pawòl ki soti nan bouch li tounen pèlen pou li.
- 8 Tripotay dous nan zòrèy moun ki vle tande yo. Sa mache nan san yo.
- 9 Moun ki parese nan travay li se menmman parèyman ak moun k'ap defèt sa k'ap fèt.
- 10 Seyè a, se yon gwo ranpa byen solid. Se la moun k'ap mache dwat yo kouri al chache pwoteksyon.
- 11 Pou moun rich yo, byen yo tankou yon ranpa byen solid. Yo mete nan tèt yo se sa k'ap pwoteje yo.
- 12 Lè w'ap fè awogans, yo pa lwen kraze ou. Lè ou fè kò ou piti, y'a fè lwanj ou.
- 13 Moun ki prese reponn san koute sa y'ap di l', se moun sòt li ye. Li gen pou l' wont.
- 14 Lè yon moun anvi viv, sa ede l' anpil lè li malad. Men, si li dekouraje, ki moun ki ka remoute kouraj li?
- 15 Yon moun lespri ap toujou chache gen plis konesans. Zòrèy moun ki gen bon konprann toujou pare pou l' ka konnen plis toujou.
- 16 Kado ou fè louvri chemen pou ou toupatou, ata chemen ki mennen lakay grannèg.
- 17 Moun ki pale anvan nan tribinal toujou sanble li gen rezon. Lè lòt moun lan parèt, kat je kontre, manti kaba.
- 18 Lè de grannèg gen kont, jij yo fè tiraj osò pou konnen kilès pou yo bay rezon.
- 19 Li pi fasil pou mete lapè nan yon gwo lavil pase pou ou rekonsilye de frè ki nan kont. Lè yo fache, kè yonn se pòt prizon pou lòt.
- 20 Rekonpans yon moun chita sou sa ki soti nan bouch li.
- 21 Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w'ap jwenn.
- 22 Lè yon nonm jwenn yon bon madanm, se yon bon bagay. Se yon gwo favè Seyè a fè l'.
- 23 Lè yon pòv ap pale, li toujou nan tanpri souple. Men, moun rich toujou ap rele sou moun.
- 24 Gen zanmi se pran yo vin pran. Men, gen zanmi tou yo plis pase frè.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian