Oze 14
- 1 Tounen vin jwenn Bondye nou non, nou menm pitit Izrayèl yo! Se peche nou yo ki te fè nou tonbe.
- 2 Tounen vin jwenn Seyè a! Men sa pou nou di li: Padonnen tout peche nou yo. Asepte sa n'ap mande ou la a. Nou p'ap ofri ou towo bèf ankò, n'ap fè lwanj ou pito.
- 3 Moun Lasiri yo p'ap janm ka sove nou. Nou p'ap mete konfyans nou ankò nan chwal pou fè lagè. Nou p'ap janm gade zidòl nou fè ak men nou pou nou di yo se yo ki bondye nou. Nou rekonèt, Seyè, se ou menm ki gen pitye pou timoun ki san papa.
- 4 Seyè a di ankò: -M'ap rale pèp la tounen vin jwenn mwen ankò. M'ap renmen yo ak tout kè m'. Mwen p'ap ankòlè sou yo ankò.
- 5 M'ap tankou lawouze pou moun Izrayèl yo. Yo pral fleri tankou flè nan jaden. Yo pral pouse rasin tankou pyebwa nan peyi Liban.
- 6 Yo pral boujonnen sou tout kò yo. Y'ap bèl tankou pye oliv. Y'ap santi bon tankou pye sèd peyi Liban.
- 7 Yo gen pou yo tounen vin rete anba zèl mwen pou m' pwoteje yo. Jaden ble yo pral donnen ankò. Yo pral fleri tankou pye rezen. Non yo ap nan tout bouch tankou bon mak diven yo fè nan peyi Liban.
- 8 Nou menm moun Izrayèl, konnen mwen pa gen anyen pou mwen wè ak zidòl. Mwen menm m'a reponn yo lè y'ap lapriyè. M'ap okipe yo tankou pye bwapen ki rete toujou vèt, m'ap ba yo lonbraj. Se mwen menm k'ap ba yo tout kalite benediksyon.
- 9 Se pou moun ki gen konprann chache konprann sa ki ekri la a. Se pou moun ki gen lespri chache konprann li. Paske chemen Bondye se chemen ki dwat. Moun k'ap viv dapre volonte Bondye ap mache ladan l' san anyen p'ap rive yo. Men, moun ki vire do yo bay Bondye ap bite sou wout la.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian