Miche 6
- 1 Koute sa Seyè a ap di: -Leve non! Vin plede kòz ou devan gwo mòn yo! Kite ti mòn yo tande sa ou gen pou di a!
- 2 Nou menm, mòn yo, nou menm ki fondasyon tè a pou tout tan, tande plent Seyè a ap vin pote pou pèp li a! Wi, li pral pote plent pou pèp Izrayèl la! Li gen yon kòz pou l' plede ak li!
- 3 Seyè a di: Ooo! Pèp mwen! Kisa mwen fè nou kifè nou bouke avè m' konsa? Reponn mwen non!
- 4 Mwen fè nou soti kite peyi Lejip la. Mwen wete nou nan esklavaj nou te ye nan peyi sa a! Mwen voye Moyiz, Arawon ak Miryam pou kondi nou ale.
- 5 Ooo! Pèp mwen! Chonje sa Balak, wa peyi Moab la, te fè lide fè nou, ak ki jan Balaram, pitit Bèyò a, te reponn li! Chonje sa ki te rive nou nan vwayaj nou an, lè nou te fin kite Sitim, anvan nou te rive Gilgal! Chonje tout bagay sa yo pou nou ka konprann sa m' te fè pou delivre nou!
- 6 Lè sa a, pèp la di: Kisa m'a pote ofri bay Seyè a, Bondye ki nan syèl la, lè m'a vin adore l'? Eske m'a pote pou li jenn ti towo bèf ki fèk gen ennan pou yo ka boule pou li?
- 7 Eske Seyè a ap kontan si m' pote ba li mil belye mouton ak di mil barik lwil? Eske m'a ofri premye pitit gason m' lan pou m' peye pou sa m' fè ki mal? Eske mwen ka pran sa ki soti nan zantray mwen pou m' bay pou kouvri peche mwen?
- 8 Y'a reponn li: Non monchè. Seyè a te moutre ou sa ki byen. Tou sa li mande ou, se pou ou fè sa ki dwat, se pou ou gen kè sansib nan tout sa w'ap fè, se pou ou mache san lògèy devan li.
- 9 Lè yon moun gen konprann, li gen krentif pou Seyè a. Seyè a ap rele moun lavil Jerizalèm yo: Koute m' byen, nou tout ki reyini nan lavil la!
- 10 Lakay moun mechan yo plen byen yo achte ak move lajan! Y'ap sèvi ak fo mamit, bagay mwen pa vle wè.
- 11 Ki jan ou vle pou m' padonnen bann moun sa yo k'ap sèvi ak move balans, ak fo mamit?
- 12 Moun rich nan lavil la ap peze pòv malere yo. Yo tout se yon bann mantò: Bonjou yo pa laverite!
- 13 Se poutèt sa m'ap manyen ak nou. Akòz peche nou yo, m'ap fini ak nou nèt.
- 14 N'ap manje, men vant nou p'ap janm plen, n'ap grangou toujou. Lè nou konprann se sere n'ap sere pou pita, sa p'ap sèvi nou anyen. Avèk lagè m'ap voye sou nou an, n'ap pèdi tou sa nou te sere a.
- 15 N'a plante, men se pa nou ki va rekòlte. N'a kraze grenn oliv pou fè lwil, men nou p'ap gen tan sèvi avè l'. N'a kraze rezen fè diven, men nou p'ap gen tan goute ladan l'.
- 16 Nou pran swiv move mès wa Omri a ansanm ak move bagay wa Akab, pitit gason l' lan, t'ap fè a. N'ap fè menm bagay yo t'ap fè a toujou. Se poutèt sa, m'ap fè malè tonbe sou nou. Tout moun pral rele chalbari dèyè nou. Moun toupatou pral trete nou tankou fatra.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian