Levitik 3
- 1 Lè yon moun vle ofri bèt pou di Bondye mèsi, si se yon gwo bèt l'ap ofri, l'a bay yon towo bèf osinon yon vach ki pa gen ankenn enfimite.
- 2 L'a mete men l' sou tèt bèt l'ap ofri a, l'a touye l' devan pòt Tant Randevou a. Prèt yo, pitit Arawon yo, va voye san an sou kat bò lotèl la.
- 3 Nan bèt yo ofri a, l'a pran pati sa yo: grès ki vlope tripay la,
- 4 de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo tout nan dife pou Seyè a.
- 5 Pitit Arawon yo va boule tou sa sou lotèl la ansanm ak ofrann boule ki te deja sou bwa dife a. Se sa yo rele yon ofrann yo boule nèt nan dife k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
- 6 Si se yon ti bèt moun lan vle ofri, l'a bay yon mouton osinon yon kabrit, bouk ou fenmèl, men ki pa gen ankenn enfimite.
- 7 Si se yon ti mouton l'ap ofri bay Seyè a, l'a mennen l' devan lotèl Seyè a,
- 8 l'a mete men l' sou tèt bèt l'ap ofri a, l'a touye l' la devan pòt Tant Randevou a. Apre sa, pitit Arawon yo va voye san an sou kat bò lotèl la.
- 9 Nan bèt yo ofri a, l'a pran pati sa yo: grès la, ke y'a koupe ra koupyon an, grès ki vlope tripay la,
- 10 de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo nan dife pou Seyè a.
- 11 Prèt la va boule tou sa sou lotèl la. Se konsa y'a sèvi pou fè yon ofrann boule nèt pou Seyè a.
- 12 Si se yon kabrit li vle ofri, l'a mennen l' devan lotèl Seyè a.
- 13 L'a mete men l' sou tèt li, l'a touye l' la devan Tant Randevou a. Lèfini, pitit Arawon yo va voye san an sou kat bò lotèl la.
- 14 L'a pran pati sa yo: grès ki vlope tripay la,
- 15 de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo nan dife pou Seyè a.
- 16 Prèt la va boule tou sa sou lotèl la. Tout grès la se pou Seyè a li ye. Se yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
- 17 Piga nou janm manje ni grès ni san. Sa se yon regleman pou nou swiv, de pitit an pitit, kote nou pase.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian