Jozye 16
- 1 Tè ki te vin pou moun fanmi Jozèf yo te konmanse bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, sou bò solèy leve. Li soti la, li moute nan mòn yo jouk li rive Betèl.
- 2 Li soti Betèl, li moute Louz, li pase Atawòt, kote moun Aki yo te rete.
- 3 Baliz fwontyè a desann apre sa bò solèy kouche, nan direksyon peyi moun Jaflèt yo jouk sou limit Bètowon, li pase rive Gezè, l' al bout nan lanmè.
- 4 Men pòsyon tè ki te vin pou fanmi de pitit Jozèf yo: Manase ak Efrayim.
- 5 Men tè yo te bay branch moun Efrayim yo pou yo separe bay chak fanmi yon pòsyon. Sou bò solèy leve, Atawòt, Adak te sèvi yo fwontyè jouk Bètowon.
- 6 Baliz fwontyè a soti la, l' al bout nan lanmè Mediterane a. Li kite lavil Mikmetat sou bò nò li. Sou bò solèy leve, fwontyè a vire desann bò Taanat-Silo, li pase bò kote l', sou bò lès lavil Janoa.
- 7 Li desann soti Janoa, li pase lavil Atawòt ak Nara, li rive lavil Jeriko, l' al bout sou larivyè Jouden.
- 8 Li soti Tapwa, li pran direksyon lwès jouk li rive nan dlo Kana, l' al bout sou lanmè a. Men tout pòsyon tè ki te vin pou branch fanmi Efrayim yo. Yo separe l', yo bay chak fanmi yon pòsyon,
- 9 ansanm ak lavil yo te pran nan mitan ti mòn moun Manase yo pou bay moun Efrayim yo.
- 10 Men yo pa t' rive mete moun Kanaran ki te rete lavil Gezè yo deyò. Se konsa, jouk jòdi a moun Kanaran yo ap viv nan mitan moun Efrayim yo. Men, yo te fòse moun Kanaran yo fè kòve pou yo.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian