Jòb 40
- 1 Seyè a pale ak Jòb. Li di l' konsa:
- 2 -Jòb monchè, ou menm ki t'ap kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a, ou p'ap kite pou li? Ou menm ki t'ap kritike Bondye a, ou vle reponn li koulye a?
- 3 Jòb reponn Seyè a, li di l' konsa:
- 4 -Mwen pa t' konn sa m' t'ap di. Kisa pou m' reponn ou? Se fèmen pou m' fèmen bouch mwen.
- 5 Mwen pale twòp deja. Mwen pa gen anyen pou m' di ankò.
- 6 Seyè a rete nan van tanpèt la, li pale ak Jòb ankò. Li di l':
- 7 -Koulye a, kanpe! Mete gason sou ou! Mwen pral poze ou keksyon, se pou ou reponn mwen.
- 8 Eske ou soti vre pou moutre se lenjistis m'ap fè ou? Se mwen menm ki antò, ou menm ou gen rezon?
- 9 Eske ou gen menm fòs avè m'? Eske vwa ou ka gwonde tankou vwa pa m'?
- 10 Si se konsa, kanpe non! Kenbe tèt ou byen dwat! Gade tout moun nan je! Mete chèf sou ou! Fè wè pouvwa ou!
- 11 Gade moun k'ap gonfle lestonmak yo nan je. Move sou yo! Kraze kouraj yo!
- 12 Wi. Gade yo nan je. Fè yo bese tèt yo! Kraze mechan yo la kote yo ye a!
- 13 Mete yo tout anba tè. Mare bouch yo tout nan twou kote mò yo ye a.
- 14 Lè sa a, mwen menm, m'a fè lwanj ou, dèske avèk pwòp fòs ou ou te rive kraze yo.
- 15 Gade gwo bèt lèd yo rele Beyemòt la. Se mwen ki fè l', menm jan se mwen ki fè ou. Se zèb li manje tankou bèf.
- 16 Tout fòs li, se nan ren l'. Tout kouraj li, se nan venn vant li.
- 17 Ke l' kanpe tankou yon pye sèd. Venn janm li yo fè boul.
- 18 Zo l' yo di tankou fè tiyo. Janm li yo tankou de bout fè.
- 19 Nan tout bèt mwen fè, se li ki pote premye pri. Se mwen ki kreye l' la sèlman ki ka fè l' bat ba.
- 20 Li manje zèb ki pouse sou mòn kote lòt bèt nan bwa ap pran plezi yo.
- 21 Li kouche anba raje. Li kache nan mitan wozo marekay yo.
- 22 Raje yo fè lonbray pou li. Pye sikren bò larivyè yo ap pwoteje l'.
- 23 Larivyè ap desann, sa pa di l' anyen. Larivyè Jouden gonfle rive wotè bouch li, li kè pòpòz.
- 24 Ki moun ki ka pete je l' pou mete men sou li? Ki moun ki ka pèse bwa nen l' ak yon fwenn bwa.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian