Jòb 22
- 1 Lè sa a, Elifaz, moun lavil Teman an, pran lapawòl. Li di konsa:
- 2 -Eske yon moun ka itil Bondye? Non! Ata moun ki gen bon konprann yo, se tèt yo ase yo itil.
- 3 Lè ou fè sa ki byen, ki enterè Bondye ki gen tout pouvwa a jwenn nan sa? Sa sa rapòte l' lè ou mennen bak ou dwat?
- 4 Eske se paske ou gen krentif pou Bondye kifè l'ap rale zòrèy ou konsa, kifè l'ap trennen ou nan tribinal li?
- 5 Non. Se paske ou fè anpil peche. Se paske ou te san limit nan fè mechanste.
- 6 Ou fè frè ou ba ou garanti pou lajan li pa t' dwe ou. Ou pran ata rad ki sou li, ou kite l' toutouni.
- 7 Ou refize bay moun ki te swaf yo ti gout dlo. Ou refize bay moun ki te grangou yo moso pen.
- 8 Ou pwofite fòs ou ak pozisyon ou pou pran tout peyi a pou ou.
- 9 Ou refize lonje men ou bay vèv yo. Ou maltrete timoun ki san papa yo.
- 10 Se poutèt sa, kote ou rive se pèlen yo pare pou ou. Ou rete konsa, kè ou kase.
- 11 Sitèlman fè nwa, ou pa ka wè. Ou nan dlo jouk nan kou!
- 12 Eske se pa anwo nèt nan syèl la Bondye rete? Se anba pou li voye je l' pou l' ka wè zetwal yo.
- 13 Ou konn sa, epi w'ap di: Sa Bondye ka konnen? Li kache dèyè nwaj yo, ki jan pou l' jije sa k'ap pase sou latè?
- 14 Nwaj yo twò pwès, li pa ka wè. Se sou fetay syèl la l'ap mache.
- 15 Ou vle mache pye pou pye dèyè mechan yo, nan move chemen yo te toujou pran depi lontan an!
- 16 Yo mouri anvan lè yo tou. Yo tankou lavalas: anvan ou bat je ou, yo pase.
- 17 Yo menm tou yo t'ap di Bondye: Wete kò ou sou nou! Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a ka fè nou?
- 18 Atò, se Bondye menm ki te plen kay yo ak richès. Mwen pa janm konprann ki jan mechan yo ka fè di sa.
- 19 Men, lè y'ap pini mechan yo, moun ki mache dwat yo va kontan, inonsan yo va pase yo nan rizib.
- 20 Gade jan grannèg yo fini non! Dife boule tou sa yo te genyen.
- 21 Jòb monchè, byen ak Bondye ankò, tande! Sispann chache l' kont!
- 22 Koute pawòl li t'ap di ou yo. Kenbe yo nan kè ou.
- 23 Wi, tounen vin jwenn li, san lògèy nan kè ou. Sispann fè sa ki mal lakay ou.
- 24 Voye tout lò ou jete nan fatra. Pi bon pyès lò ou yo, jete yo nan galèt larivyè.
- 25 Se Bondye ki gen tout pouvwa a ki va tout lò ou. Se li menm ki va gwo pil lajan byen wo pou ou.
- 26 Paske, lè sa a, se nan Bondye ki gen tout pouvwa a w'a jwenn tout plezi ou. Se sou Bondye w'a toujou gade.
- 27 Lè w'a lapriyè nan pye l', l'a reponn ou. W'a kenbe tout pwomès ou fè l' yo.
- 28 Tout zafè ou va mache byen. Limyè va klere byen bèl sou tout wout ou.
- 29 Bondye kraze lògèy moun awogan. Men, li sove moun ki bese tèt devan li.
- 30 L'ap delivre ou si ou inonsan. L'a sove ou, si ou pa janm sal men ou nan anyen.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian