Jòb 16
- 1 Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa:
- 2 -Mwen bouke tande pawòl sa yo! Pase nou konsole moun, se plis lapenn n'ap ba yo.
- 3 Kilè n'a sispann tout pale anpil sa a? Sa k'ap pouse nou konsa? Nou toujou pare pou reponn moun!
- 4 Si m' te nan plas nou, epi nou menm nan plas mwen, m' ta ka pale jan nou pale a tou, m' ta pase nou nan yon wonn tenten, m' ta vide bèl diskou sou nou.
- 5 M' ta remoute kouraj nou ak konsèy, m' ta pale ak nou jouk nou ta soulaje.
- 6 Men, lè mwen pale, doulè a la pi rèd pou mwen. Lè mwen pa pale, se pa sa k'ap fè l' ban m' yon ti louga.
- 7 Koulye a, Bondye, se fini ou fini avè m'. Ou kite yo touye tout fanmi m'.
- 8 Ou mete men sou mwen, ou pa vle wè m' ankò. Mwen tounen zo ak po. Yo di se paske mwen antò ki fè sa rive m'.
- 9 Nan kòlè li, Bondye ap dechire m' moso pa moso. L'ap devore m' anba dan l'. L'ap louvri je l' sou mwen, li pa vle wè m'!
- 10 Moun prèt pou manje m'. Yo kouri sou mwen, y'ap joure m', y'ap touye m' anba souflèt.
- 11 Bondye lage m' nan men mechan yo. Li jete m' anba grif san manman yo.
- 12 Mwen t'ap viv tou dousman, li bouskile m'. Li pran m' dèyè nwa kou, li kraze m', li fè m' tounen jwèt li.
- 13 L'ap voye flèch li sou mwen kote m' vire. Li pèse tout kò m', li san pitye pou mwen, li mete san m' deyò.
- 14 Kote m' vire li blese m', li vare sou mwen tankou yon sòlda nan lagè.
- 15 Mwen fè rad sak mete sou mwen, mwen woule kò m' nan pousyè tèlman mwen te nan lapenn.
- 16 Je m' vin wouj afòs mwen kriye. Tout anba je m' gonfle vin tou nwa.
- 17 Men, mwen konnen mwen pa fè ankenn moun mechanste. Mwen lapriyè Bondye ak tout kè m'.
- 18 Ou menm latè, pa kache mizè mwen. Pa kite yo fèmen bouch mwen lè m'ap rele nan pye Bondye!
- 19 Paske mwen konnen gen yon moun nan syèl la k'ap kanpe pou mwen, gen yon moun anwo a k'ap pran defans mwen.
- 20 Zanmi m' yo ap pase m' nan betiz, men, m'ap kriye nan pye Bondye.
- 21 Mwen bezwen moun pou plede kòz mwen ak Bondye a, menm jan yon moun plede kòz zanmi l'.
- 22 M' pa lontan mouri. Mwen pral pran chemen kote moun pa janm tounen an.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian