Jòb 11
- 1 Lè sa a, Sofa, moun Naama a, pran lapawòl, li di konsa:
- 2 -Atò pesonn p'ap reponn gwo paladò sa a? Pale anpil pa ka bay moun rezon.
- 3 Pa konprann pale anpil ou a ka enpoze moun louvri bouch yo reponn ou. Paske w'ap pase moun nan betiz la, atò yo pa ka fè ou wont?
- 4 Ou pretann sa ou di a se verite. Pou ou, ou san repwòch devan Bondye!
- 5 Pa pito Bondye ta pale pou l' reponn ou!
- 6 Li ta fè ou wè gen anpil lòt bagay ou poko konnen, bagay moun pa ka konprann. Lè sa a, ou ta wè Bondye pa fè ou peye pou tou sa ou fè.
- 7 Ou konprann ou ka konnen sa ki nan kè Bondye, ou ka konnen tout bagay nèt sou Bondye ki gen tout pouvwa a?
- 8 Li pi wo pase syèl la. Sa ou ka fè pou sa? Li pi fon pase peyi kote mò yo ye a. Sa ou ka konnen la?
- 9 Li pi long pase longè tout tè a. Li pi laj pase lanmè a.
- 10 Si Bondye arete ou, li mete ou nan prizon, li trennen ou nan tribinal, ki moun ki ka di l' non?
- 11 Bondye konnen tout moun k'ap bay manti. Je l' byen louvri, li wè tout mechanste moun ap fè.
- 12 Konsa, moun fou va konmanse gen konprann. Bourik sovaj yo va donte.
- 13 Annou wè, monchè! Pran tèt ou! Louvri bra ou devan Bondye.
- 14 Sispann fè vye bagay k'ap sal men ou yo. Pa kite mechanste chita lakay ou.
- 15 Lè sa a, w'a leve tèt ou pou gade moun nan je. W'a byen fèm, ou p'ap pè anyen.
- 16 W'a bliye lapenn ou yo. Tankou yon inondasyon ki fin pase, ou p'ap chonje yo ankò.
- 17 Lavi ou pral klere pi bèl pase gwo solèy midi. Move pa yo pral tankou yon douvan jou.
- 18 Ou pral viv san kè sote. Ou p'ap dekouraje. Bondye va pwoteje ou, l'a ba ou kè poze.
- 19 Lè w'ap dòmi, pesonn p'ap deranje ou. Anpil moun va vin achte figi ou.
- 20 Men, mechan yo ap voye je yo bouske toupatou, yo p'ap jwenn kote pou yo chape kò yo. Sèl espwa yo, se lanmò y'ap tann.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian