Jij 17
- 1 Te gen yon nonm yo te rele Mika ki te rete nan mòn peyi Efrayim yo.
- 2 Li di manman l' konsa: -Lè yo te vòlò milsan (01.100) pyès lajan ou yo, ou te bay vòlò a madichon. Nou te tande ou ak pwòp zòrèy nou. Gade, men lajan an nan men m'. Se mwen menm ki te pran yo. Manman an di l': -Se pou Seyè a beni ou, pitit mwen, pou sa!
- 3 Mika renmèt milsan pyès lajan yo bay manman l'. Manman an di l' konsa: -Mwen te mete lajan an apa pou Seyè a pou anyen pa rive ou, pitit gason mwen. W'a sèvi avè l' pou fè yon zidòl, yon estati fonn nan moul. Se poutèt sa m'ap renmèt ou lajan an ankò.
- 4 Men, pitit la renmèt lajan an bay manman l'. Madanm lan pran desan (0200) pyès an ajan, li bay yon bòs ki fè yon zidòl an bwa epi li kouvri li nèt ak ajan. Li mete li lakay Mika.
- 5 Nonm Mika a te mete yon kote apa pou li menm l' al fè sèvis pou Seyè a. Li fè yon estati ansanm ak lòt ti zidòl wogatwa epi li chwazi yonn nan pitit gason li yo, li ba l' pouvwa pou l' sèvi l' prèt.
- 6 Nan tan sa a, pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Chak moun t'ap fè sa yo pito.
- 7 Te gen yon jenn gason ki te rete lavil Betleyèm nan peyi Jida. Se te yon moun nan fanmi Levi yo.
- 8 Li kite lavil Betleyèm nan peyi Jida a, li pati, l' al chache yon lòt kote pou l' fè ladesant. Antan l'ap vwayaje konsa, li rive lakay Mika, nan mòn peyi Efrayim yo.
- 9 Mika mande l': -Kote ou soti? Nèg la reponn: -Mwen se moun fanmi Levi, m' soti lavil Betleyèm nan peyi Jida. M'ap chache yon lòt kote pou m' fè ladesant.
- 10 Mika di l' konsa: -Vin rete lakay mwen non. W'a tou sèvi m' konseye ak prèt. M'a ba ou dis pyès lò chak lanne, san konte rad ak manje.
- 11 Moun Levi a te dakò pou l' rete lakay Mika ki te sèvi avè l' tankou pwòp pitit gason l'.
- 12 Mika menm bay moun Levi a pouvwa pou l' sèvi l' prèt. Se konsa, li rete nèt lakay Mika.
- 13 Lè sa a, Mika di konsa: -Koulye a, mwen konnen Seyè a pral fè tout zafè m' mache byen paske mwen gen yon moun Levi k'ap sèvi m' prèt.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian