Jeremi 47
- 1 Men mesaj Seyè a te bay pwofèt Jeremi sou peyi Filisti a, anvan farawon an t' al atake Gaza.
- 2 Seyè a di konsa: -Gade! Bò nan nò, dlo yo ap gonfle, y'ap fè yon gwo lavalas k'ap desann, y'ap anvayi peyi a, y'ap kouvri tou sa ki ladan l'. Y'ap anvayi lavil yo ak tout moun ladan yo. Moun ap rele, y'ap plenn. Tout moun nan peyi a nan gwo lapenn.
- 3 Lè y'a tande bri zago chwal yo ap frape tè a, bri cha lagè yo k'ap kouri vini ak bri wou yo k'ap woule atè a, papa p'ap ka fè anyen pou pitit yo, tèlman y'a dekouraje.
- 4 Lè a rive pou yo ravaje tout peyi Filisti a nèt, pou yo disparèt tout rès moun ki t'ap bay lavil Tir ak lavil Sidon konkou. Se mwen menm Seyè a k'ap detwi tout moun Filisti yo, tout moun ki soti nan lil Krèt la.
- 5 Moun Gaza yo nan gwo lapenn, yo kale tèt yo. Moun Askalon yo pa ka pale. Kilè rès moun nan fon Filisti a va sispann kòche kò yo ak kouto pou plenn sò mò yo?
- 6 Adye! Kilè nepe Seyè a va sispann touye moun? Tounen nan djenn ou! Rete tou dousman, poze kò ou la!
- 7 Men, ki jan pou li fè poze lè Seyè a ba li lòd travay? Li gen pou l' ale jouk lavil Askalon dèyè moun ki rete bò lanmè a. Se la mwen voye l' ale.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian