esc

Jeremi 45

Bib La · 5 verses

  1. 1 Yon lè, antan Bawouk, pitit Nerija a, t'ap kouche sou papye mesaj pwofèt Jeremi t'ap repete pou li yo, Jeremi ba li yon mesaj pou li menm menm. Lè sa a, Jojakim, pitit Jozyas, te sou katriyèm lanne depi li te wa nan peyi Jida. Jeremi di Bawouk konsa:
  2. 2 -Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, bay yon mesaj sou ou, Bawouk.
  3. 3 Ou te di: Ala devenn pou mwen! Seyè a mete lafliksyon sou traka m' te genyen deja. Mwen bouke plenn, mwen pa jwenn yon ti soulajman menm!
  4. 4 Enben, men mesaj Seyè a ban mwen pou ou: Se mwen menm Seyè k'ap demoli tou sa mwen te bati. m'ap derasinen tou sa mwen te plante. M'ap fè sa toupatou sou latè!
  5. 5 Epi ou menm, w'ap mande pou yo fè pa ou, w'ap mande yon soulajman pou tèt ou ase? Pa mande anyen. M'ap voye malè a sou tout moun sou latè. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Men ou menm, ou mèt ale kote ou vle, ou p'ap mouri, w'ap sove lavi ou!

Served exactly as published. Public domain.

Read aloud

Read aloud in another edition

One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.

Read this chapter in that edition

In other languages