Jeremi 41
- 1 Nan setyèm mwa a, Izmayèl, pitit Netanya, pitit pitit Elichama, rive Mispa ansanm ak dis lòt moun pou li vin wè Gedalya, pitit Akikam. Izmayèl te yon ti fanmi wa a. Se te yon gwo chèf nan gouvènman wa a. Pandan yo chita konsa sou tab ap manje lakay Gedalya,
- 2 Izmayèl leve ansanm ak dis moun li yo, yo rale nepe yo, yo touye Gedalya, nonm wa Babilòn lan te mete pou gouvènen peyi a.
- 3 Apre sa, yo touye tout gason jwif ki te lavil Mispa avèk Gedalya. Yo touye tout sòlda moun Babilòn ki te la tou.
- 4 Yo te fin ansasinen Gedalya a depi de jou, nouvèl la pa t' ankò gaye.
- 5 Se konsa katreven gason ki te soti lavil Sichèm, lavil Silo ak lavil Samari vin rive. Yo te koupe tout bab nan figi yo, yo te gen rad chire sou yo, tout kò yo te plen mak kouto. Yo te pote grenn jaden ak lansan pou ofri nan tanp Jerizalèm lan.
- 6 Izmayèl kite Mispa, li soti al kontre yo, de ran dlo nan je l'. Lè li rive sou yo li di konsa: -Vini non, ann al kay Gedalya!
- 7 Men rive yo rive nan mitan lavil Mispa, Izmayèl ansanm ak mesye l' yo touye yo, lèfini yo lage kadav yo nan yon sitèn.
- 8 Men gen dis nan moun sa yo ki te di Izmayèl konsa: -Pa touye nou paske nou gen pwovizyon kache nan jaden nou yo, ble, lòj, lwil ak siwo myèl. Se konsa Izmayèl pa t' touye sa yo ansanm ak lòt yo.
- 9 Sitèn kote Izmayèl te jete kadav moun li te touye yo, se gwo sitèn wa Asa te fè fouye lè Basa, wa peyi Izrayèl la, te vin atake l' la. Se sitèn sa a Izmayèl te plen ak kadav yo.
- 10 Apre sa, Izmayèl mache pran tout pitit fi wa a ansanm ak tout rès moun ki te lavil Mispa, moun Neboucharadan, chèf lagad la, te kite sou kont Gedalya. Li fè yo prizonye. Li pati ak yo, li pran direksyon peyi moun Amon yo.
- 11 Jokanan, pitit Karejak la, ansanm ak lòt chèf lame ki te avè l' yo vin konnen tout mechanste Izmayèl, pitit Netanya a, te fè.
- 12 Yo pran tout sòlda yo, yo pati dèyè l'. Yo jwenn li bò gwo letan Gabawon an.
- 13 Lè moun Izmayèl te fè prizonye yo wè Jokanan avèk chèf lame ki avè l' yo, yo te kontan.
- 14 Lè sa a, tout moun Izmayèl te fè prizonye lavil Mispa yo kase tèt tounen, yo kouri vin jwenn Jokanan.
- 15 Izmayèl menm ansanm ak wit nan moun pa l' yo kouri pou Jokanan, yo chape kò yo nan peyi Amon an.
- 16 Apre sa, Jokanan ak chèf lame ki te avè l' yo pran sou kont yo tout moun Izmayèl te fè prizonye lavil Mispa apre li menm Izmayèl te fin touye Gedalya a. Jokanan pran avè l' gason yo, ki vle di sòlda yo, fanm yo, timoun yo, moun konfyans yo, tout moun li te jwenn lavil Gabawon.
- 17 Yo fè yon ti rete nan lotèl Kimean an, toupre lavil Betleyèm. Yo te fè lide desann peyi Lejip
- 18 paske yo te pè moun Babilòn yo, depi Izmayèl te fin touye Gedalya, moun wa Babilòn lan te mete pou gouvènen peyi a.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian