Jeremi 24
- 1 Seyè a fè m' wè de panyen plen fig frans kòtakòt devan gwo kay Seyè a. Lè sa a, Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te gen tan depòte Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, ansanm ak tout gwo chèf peyi Jida yo, bòs atizan yo ak tout moun ki gen metye yo. Li te mennen yo tout ale lavil Babilòn.
- 2 Premye panyen an te plen bèl fig frans tankou premye fig ki mi nan sezon an. Lòt panyen an te plen vye fig frans moun pa ka manje tank yo pa bon.
- 3 Lèfini, Seyè a di m' konsa: -Jeremi, kisa ou wè la a? Mwen reponn, mwen di l': -Fig frans. Bon fig yo bon anpil. Vye fig yo pa bon menm. Moun pa ka manje yo tank yo pa bon.
- 4 Lè sa a, Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:
- 5 -Se mwen menm, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la k'ap pale. Mwen konsidere moun peyi Jida yo depòte yo, moun mwen voye nan peyi Babilòn yo, tankou yon panyen bèl fig frans. Mwen pral aji byen ak yo.
- 6 M'ap toujou voye je sou yo, m'ap mennen yo tounen nan peyi sa a. M'ap fè yo grandi, mwen p'ap kraze yo. M'ap plante yo, mwen p'ap derasinen yo ankò.
- 7 M'ap ba yo konprann pou yo sa konnen se mwen menm ki Seyè a. Lè sa a, y'a yon pèp pou mwen, mwen menm m'a Bondye yo, paske y'ap tounen vin jwenn mwen ak tout kè yo.
- 8 Menm sa yo fè ak vye fig ki pa bon yo, fig moun pa ka manje tèlman yo pa bon yo, se sa mwen pral fè ak Sedesyas, wa peyi Jida a, ansanm ak tout gwo chèf li yo, ak tout rès pèp lavil Jerizalèm yo ki te rete nan peyi a osinon ki te desann peyi Lejip.
- 9 Mwen pral mennen yon sèl malè sou yo. Tout lòt nasyon ki sou latè a pral tranble lè y'a wè sa. Moun pral pase yo nan betiz, yo pral rakonte istwa sou yo. Yo pral mete yo nan chante. Y'ap pran non yo pou sèvi jouman, pou bay madichon nan tout peyi kote mwen pral gaye yo.
- 10 Mwen pral voye lagè, grangou ak move maladi sou yo jouk p'ap gen yonn k'ap rete nan peyi mwen te ba yo a, peyi mwen te bay zansèt yo a.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian