Jeremi 21
- 1 Wa Sedesyas te voye Pachou, pitit gason Malkija a, ak Sefanya, pitit gason Mesaja a, prèt la, bò kote Jeremi pou mande l' yon sèvis.
- 2 Yo di l': -Tanpri, pale ak Seyè a pou nou, paske Nèbikadneza, wa Babilòn lan, ap fè nou lagè. Ou pa janm konnen! Seyè a ka fè ankò pou nou yonn nan mirak li yo pou fòse Nèbikadneza vire do l' al fè wout li.
- 3 Lè sa a, Seyè a pale ak Jeremi. Lèfini, Jeremi di mesye yo: -Men sa n' aval di wa Sedesyas pou mwen:
- 4 Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pale. Li di konsa: Mwen pral pran tout zam ou genyen pou goumen kont wa Nèbikadneza ak lame moun Kalde ki sènen nou yo, mwen pral detounen yo, m'ap anpile yo nan mitan lavil la.
- 5 Se mwen menm menm ki pral goumen ak nou avèk tout fòs mwen, avèk tout kouraj mwen, avèk kòlè, avèk raj, avèk yon gwo kòlè.
- 6 Mwen pral touye tout moun ki rete nan lavil sa a. Mwen pral voye yon gwo maladi sou tout moun ak sou tout bèt pou yo mouri.
- 7 Apre sa, -se mwen menm Seyè a ki di sa-m'ap pran nou tout, ni Sedesyas, wa peyi Jida a, ni chèf li yo, ni rès moun ki pa mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi yo, m'ap lage nou nan men Nèbikadneza, wa Babilòn lan, nan men lènmi ki soti pou touye nou yo. Y'ap touye nou anba kout nepe. Yo p'ap kite yonn nan nou chape. Yo p'ap gen pitye pou pesonn, yo p'ap pran priyè.
- 8 Lèfini, w'a di pèp la men sa mwen menm, Seyè a, mwen di: Mwen pral mande nou pou nou chwazi ant lavi ak lanmò.
- 9 Tout moun ki va rete nan lavil la pral mouri nan lagè, osinon anba grangou, ou ankò maladi pral fini ak yo. Men, tout moun ki va soti al pote tèt yo bay moun Kalde k'ap sènen nou yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo nan batay la.
- 10 Wi, mwen pral fè kichòy pou lavil sa a, men se va pou malè yo, pa pou byen yo. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Mwen pral lage l' nan men wa Babilòn lan. Li pral boule l' ratè.
- 11 Men sa w'a di moun ki lakay wa peyi Jida a: -Koute pawòl Seyè a.
- 12 Nou menm ki soti nan branch fanmi wa David la, men sa Seyè a voye di nou. Rann tout moun jistis chak jou. Pwoteje moun y'ap peze yo, wete yo anba ponyèt moun k'ap peze yo a. Si nou pa fè sa, mwen pral fè kòlè sou nou. M'ap boule nou tankou dife moun pa ka touye, paske nou fè anpil mechanste.
- 13 Nou menm moun Jerizalèm ki chita nan fon an, tankou gwo wòch nan mitan yon plenn, mwen menm Seyè a, mwen pral regle nou. N'ap plede di: Pa gen moun ki ka atake nou, pa gen moun ki ka antre kote n' kache a.
- 14 Men m'ap pini nou pou sa nou fè. M'ap mete dife nan gwo bèl kay bwa nou yo. Dife a pral boule tou sa ki bò kote yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian